Viktwa pou jèn pestel yo.

Se yon viktwa pou jèn pestel yo,kote mwen Jacques Vilson eli mècredi 14 avril la,kòm responsab croix-rouge jenès.Viktwaa eksplike ke nou pral travay ak lòt manb komite yo,ansanm ak jenès la pou pèmèt plis jèn antre nan croix-rouge.Nou pral fè anpil efò pou nou enfòme tout moun nan popilasyon an ki pa konnen kisa croix-rouge ye,ak poukisa yon moun sipoze nan croix-rouge.Mwen vrè fyè paske mwen eli pou m responsab jèn yo,e m fyè paske mwen pral travay ak jèn yo pou nou pèmèt yo vini jwenn nou nan croix-rouge,pou croix- kapab kontinye fè plis bagay nan kominote nou.Mesaj m ap voye pou jèn yo donk se vini vini, nou bezwen nou vini sèvi kominote w menmjan ak mwen.Mwen vle ede kominote m avanse.mwen chak grenn pestelwa kolaborasyon yo pou avanse.