TÒL WOUJ!


Li toujou bon pou yon nonm se yon sitwayen onèt.
Li toujou bon pou w okipe gwo pòs.
Li enpòtan pou w sèvi peyi w.
Li nònal pou tout moun ta gen metye.

Gen kèk moun ki konn ap viv nan yon sosyete,yo konn sèl kòk chante, koz se yo ki gen machin,plis lajan,pi gwo kay pou rezon sa a yo, anpil moun konn kalifye yo kòm sitwayen onèt,èske li nòmal?
Sou kisa ou ka chita pou w di yon moun se sitwayen onèt,èske gen de fwa ou di kèk moun se sitwayen onèt se pa pou w fawouche l oubyen pou w ka jwenn sèvis li?
Ki non ki ka rezève pou moun k ap fawouche moun ak moun k ap bay moun tit ki pa pou yo?

Souvan gen anpil moun ki kon n nan kèk pòs,pafwa konn gen moun ki asasinen konsyans moun saa yo, konsa tou jan de moun sa a yo konn gen yon jan yo vann tèt yo,pou moutre y ap regle tout sa ki bon nan enterè tout moun.

Moun k ap asasine konsyans moun, yo rele sa asasen,tout move non se pou yo.

Moun ki gen abitid vann tèt ou yon fason pou w moutre ou tèlman sansib pou moun,ou tèlman saj,ou pa mele ak moun k ap bay manti, poutan  ou pagen bon kalite sa yo,yo rele yo (TÒL WOUJ).

TÒL WOUJ: Se yon tòl yon bòl wouj epi lòt bò a lòt koulè, poutan li pata gendwa konsa koz li rele tòl wouj.si tout fwa ou t ap pase nan yon elikoptè ou ta wè yon kay ki kouvri ak tòl wouj ou, si w pa konnen w ap panse pati ki bay sou anndan an se wouj li ye tou.

Se yon fason pou m eksplike w kijan yon ekip moun blofè nan peyi sa a,se yo se pa yo.

Mesaj sa a ekspli peyi a chaje trèt,li ede w konprann ou pa dwe kwè nan moun se nan tèt ou,ou dwe kwè.

Li di anpil lè moun ki kwè nan ou, lè w moutre tout moun figi w wouj epi andan ou blan.

Mesaj sa a li la pou tout moun nan tout kalite domèn,paske tout moun nan tout kalite domèn se tòl wouj.

Li enpòtan anpil lè yon moun di w li se,sesi sela,pou w reflechi èske sepa yon tòl wouj?

Mesaj saa k a ede w avanse,li ka anpeche moun blofe w tou.

JACQUES Vilson.



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

Figi pam'