Bilan President Croix-Rouge Jeunesse Pestel

Mwen rantre nan ane 2012,premye objektif mwen sete rive Prezidan CRJ,mwen swiv plizyè komite pase. Nan dat kite 14 avril 2021 sete yon dat kote Komite rejyonal CRH Grandans lan t ap òganize eleksyon pou te ranplase komite ki te laa,mwen kandida pou pòs Prezidan CRJ.Konsa eleksyon an te dewoule san fè tèt cho,sekonsa mwen te rive genyen eleksyon an. 14 avril 2021 mwen rive eli kòm prezidan CRJ fè kòm konsta ke mwen se sèl jèn volontè aktif,savledi mwen te vi n santi m poukò m. Pou m pa t rete pou kòm mwen te rive rekrite plis pase 40 jenn gason ak jenn fanm nan mitan nou an kolaborasyon ak kòdonatè a,konsa mwen vi n rive moute yon ekip solid,yon ekip ki chaje konpetans. Nou gen pami nou avoka,agronòm,politològ,administratè,pent,fotograf,pwofesè ak yon pakèt lòt pwofesyon ankò. Nou rive moute yon plan daksyon,nou rive realize kèk bagay ki anndan plan saa konsa nou realize kèk bagay ki pa t nan plan daksyon an. Nou fè kanpay kont korona virus ak distribisyon kachnen pandan 7 mwa. Nou fè k...