Bilan President Croix-Rouge Jeunesse Pestel
Mwen rantre nan ane 2012,premye objektif mwen sete rive Prezidan CRJ,mwen swiv plizyè komite pase.
Nan dat kite 14 avril 2021 sete yon dat kote Komite rejyonal CRH Grandans lan t ap òganize eleksyon pou te ranplase komite ki te laa,mwen kandida pou pòs Prezidan CRJ.Konsa eleksyon an te dewoule san fè tèt cho,sekonsa mwen te rive genyen eleksyon an.
14 avril 2021 mwen rive eli kòm prezidan CRJ fè kòm konsta ke mwen se sèl jèn volontè aktif,savledi mwen te vi n santi m poukò m.
Pou m pa t rete pou kòm mwen te rive rekrite plis pase 40 jenn gason ak jenn fanm nan mitan nou an kolaborasyon ak kòdonatè a,konsa mwen vi n rive moute yon ekip solid,yon ekip ki chaje konpetans.
Nou gen pami nou avoka,agronòm,politològ,administratè,pent,fotograf,pwofesè ak yon pakèt lòt pwofesyon ankò.
Nou rive moute yon plan daksyon,nou rive realize kèk bagay ki anndan plan saa konsa nou realize kèk bagay ki pa t nan plan daksyon an.
Nou fè kanpay kont korona virus ak distribisyon kachnen pandan 7 mwa.
Nou fè kanpay kont vyolans sou fanm ak tifi pandan 12 mwa.
Nou lanse operasyon zòn pwòp pandan 4 mwa.
Nou fè distribisyon kapòt e sansibilize jèn yo pandan 12 mwa.
Nou rive realize yon pepinyè a 10 % koz fèb mwayen.
Nou kolabore ak meri Pestel la,kote nou te rantre nan plan ijans meri a apre tranbleman 14 out la,savledi nou fè tout travay teknik yo pou meri ak pou kominote nou, Pandan plis pase 5 mwa san nou pa mande okenn lajan pou sa.
Pote sipò nou bay tout oganizasyon kite vini pou ede.
Nou vizite moun ki izole yo,jan yo konn di moun yo bliye yo.
Nou patisipe nan tout kalite aktivite ki pap sa l imaj Croix-Rouge la
Commentaires
Enregistrer un commentaire