Articles

Affichage des articles du janvier, 2023

Connexion Voisinage Grand' anse

Pou konbat ensekirite ak pou ede sosyete a nan plizyè sans.nou pran kom inisyativ pou kreye yon platfòm koneksyon vwazinaj. Kote chak komin ap ap gen yon koneksyon,epi chak seksyon ap gen pou gen koneksyon pa yo,ki pral divize an lokalite.Administratè koneksyon chak seksyon yo ak lokalite yo ap gen pou fè pati koneksyon komin yo ye a. ki pra l posib sou plizyè gwoup whats'app. si gen moun ki ta enterese fè pati koneksyon an ki pa gen telefòn entelijan,lap toujou posib pou w fè pati koneksyon an.lè w ta anvi pataje yon mesaj wap jis mande yon administratè koneksyon ou an pataje l pou ou. Jan nou di a Koneksyon vwazinaj se yon platfòm ki fèt pou pote sipò bay moun ki nan difikilte ak pou pote bon jan enfòmasyon nan pi bon sous. koneksyon saa ap posib gras ak vwazinaj ki nan anviwónman nou. San prejije,nou fèl ak tout respè youn pou lòt,kote gason ak gason nan chak kay ap pataje nimewo telefòn,menm jan fivak fi ap pataje nimewo telefòn nan respè youn pou lòt,nou youn ap ede lòt. ...