Connexion Voisinage Grand' anse
Pou konbat ensekirite ak pou ede sosyete a nan plizyè sans.nou pran kom inisyativ pou kreye yon platfòm koneksyon vwazinaj.
Kote chak komin ap ap gen yon koneksyon,epi chak seksyon ap gen pou gen koneksyon pa yo,ki pral divize an lokalite.Administratè koneksyon chak seksyon yo ak lokalite yo ap gen pou fè pati koneksyon komin yo ye a. ki pra l posib sou plizyè gwoup whats'app.
si gen moun ki ta enterese fè pati koneksyon an ki pa gen telefòn entelijan,lap toujou posib pou w fè pati koneksyon an.lè w ta anvi pataje yon mesaj wap jis mande yon administratè koneksyon ou an pataje l pou ou.
Jan nou di a Koneksyon vwazinaj se yon platfòm ki fèt pou pote sipò bay moun ki nan difikilte ak pou pote bon jan enfòmasyon nan pi bon sous.
koneksyon saa ap posib gras ak vwazinaj ki nan anviwónman nou.
San prejije,nou fèl ak tout respè youn pou lòt,kote gason ak gason nan chak kay ap pataje nimewo telefòn,menm jan fivak fi ap pataje nimewo telefòn nan respè youn pou lòt,nou youn ap ede lòt.
premye motif koneksyon an se frennen vòlè epi ede moun ki an difikilte epi pataje bon jan enfòmasyon nan tout verite bay popilasyon an.
Men kijan sa dwe ye:si ti Jan gen yon pwoblèm,li rele ti Jak pou mande sipò,ti Jak sipoze konekte mèt Jan epi mèt Jan ap konekte ak pyè. konsa koneksyon an ap fèt,tout moun ki kapab pote èd yo ap pote l konsa n ap pote lavi chak grenn moun ki an difikilte nan vwazinaj nou.
pou frennen moun ki gen move entansyon se pa bagay ki fasil pase sa.
fòk gen moun nan konekesyon an ki pote materyèl ki fèt pou frennen move je,(Atansyon)mou non ki dwe pote materyèl saa yo se moun ki gen otorizasyon pou sa tankou: La polis ak lòt otorite ki otorizasyon pou sa selon lwa peyi m.
Koneksyon saa se yon koneksyon k ap la pou ede chak kominote avanse konsa peyi nou (ayiti) a aprann de koneksyon saa.
koneksyon saa ap gen pou voye je sou tout sa kbap fèt nan chak kominote.
Chak depatman ap gen pou gen yon koneksyon k ap gen ladan yo administratè koneksyon chak komini yo ak kè otorite.
koneksyon saa pa dwen gen moun ki gen ak bandi yon fason pou pa tounen yon rezo gang.
Chak koneksyon chak komin ap gen pou pote non komin lan, tankou koneksyon vwazinaj Pestel.
koneksyon saa dwe voye je sou moun ki pi vilnerab yo jan yo konn di "moun yo bliye yo.
epi ede jèn ki vle itil peyi yo.
koneksyon saa dwe travay ansanm ak òganize de baz yo politsyen dwe itilize platfòm saa.pou regle koze pèsonèl yo.
Nan seksyon yo kazèk yo ak azèk yo dwe fèvpati koneksyon an,legliz yo,Majistra yo,komisarya yo.
direktè depatmantal yo,komisè gouvènman yo,prezidan chak rejyon kwawouj yo,Jounalis nan wo nivo yo dwe fè pati koneksyon saa.
Konsa ap gen yon koneksyon vwazinaj Ayiti pou tout peyi ki vle ede ayiti san ipokrizi ak touut tout demand nesesè n a fè yo.
koneksyon Vwazi se pa yon platfòm ki la pou detwi pyès moun k ap panse pozitif vini n ap tann ou.JACQUES Vilson PDG.
Commentaires
Enregistrer un commentaire