Reta komin Pestel

Reta komin pestel:Malgre reta pestel parapò ak yon pakèt komin nan peyi a, aprè tout remak ak istwa pestel nou menm nan popilasyon an nou wè ke gen yon fanmi ki te kwè e pou jiskounye a nan devlopman:lè nou di devlopman nou pale de kondisyon moun ap viv ki gen anndanl': wout,lopital,lekòl,kouran,mache,ak lòt ankò.Anpil moun toujou ap poze kesyon pou di: ki fanmi ki fè plis kichòy pou pestel nan tout fanmi ki pi popilè pestel yo? Genyen ki di se: Bernard, Philippe, Lustin, Lubin,GILLES,Douzable,Laplanche,Thomas,Sanon,Alcegaire Joseph. Sou kisa nou ka chita pou nou di yon fanmi ede yon kominote? Epi sou kisa nou ka chita pou nou di yon fanmi pa ede yon kominote? Pami nan fanmi saa yo nou kapab eksplikew kèk bagay pozitif ki realize epi ki dirab. Nan ane 1930 Louis-del'homme Gilles te soti kafou-zaboka rive nanklè. Nan ane 1950 Ney-del'homme Gilles pran wout la nan klè li mete li nan zòn yo rele sant vil Pestel la.Ney- del'homme Gilles te mete lekòl Nasyonal nan zòn twoubwa li te mete lekòl Nasyonal zòn ansamason li te mete lekòl Nasyonal nan zòn Janbelin, li te mete yon lekòl Nasyonal nan zòn obas, epi li mete yon dispansè nan sant vil pestel la. Fanmi Gilles te konstwi yon gwo sitèn nan sant vil Pestel nan zòn ki rele nan-tifon, Fanmi Gilles konstwi dezyèm rue nan sant vil Pestel la. Fanmi Gilles konstwi Meri Pestel la. Fanmi Gilles konstwi tribinal Pestel la. Fanmi Gilles pèmèt plas rezistans ki nan sant vil pestel la egziste kounye. Fanmi Gilles pèmèt Lise Nasyonal Pestel la egziste kounye a.Fanmi Gilles  te mete yon kolèj kite rele vil valèks franswa, ak yon pakèt lòt bagay pozitif ankò.mwen pale de sa mwen konnen ou menm pale de sa ou konnen mwen pale de yon fanmi mwen konnen depi Pestel Pestel, kite toujou pozitif nan kominote a n'ap tann ou nou ta renmen konnen lòt enfòmasyon toujou nou konte sou ou  pale de fanmi ou konnen kèk istwa de yo a.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'