Kisa zanmitay la ye tout bon vre?
(1)Kisa zanmitay ye tout bon vre? Repons(1) Zanmitay la se relasyon plizyè moun genyen. Pouki rezon de(2) moun kapab zanmi? Repons(2) de(2) moun kapab zanmi pou plizyè rezon pafwa ou kapab bezwen fè kèk ti dyalòg, pafwa ou kapab bezwen moun pouw pou edew,nan plizyè sans, pafwa ou konn bezwen pale ak yon fi oubyen yon gason ou renmen ou konn se pa yon moun nan zòn lan pouw pase pouw pale ak moun saa ou oblije chèche zanmi yon moun nan zòn lan. (3)Èske gen kèk avantaj nan zanmitay?Repons(3)wi gen apil avantaj nan zanmitay:se lè ou zanmi ak yon moun ak meyè objektif yo epi lèw chèche konne kijan de moun moun lan ye avan ou zanmi li lè saa zanmitay saa kapab pote fri. (4)Kisaki ka fè relasyon de(2)zanmi pa dire? Repons(4) Lè de zanmi pakapab kenbe yon relasyon pou lontan se lè: nou youn pa konnen kote dwa nou youn kòmanse e kote li fini,epi lè nou pajanm prè pou nou rekonèt tò nou lè nou pèdi rezon.(5)Èske enterè kapab fè yon moun vin zanmi ak yon lòt?Repons(6)wi enterè kapab fè yon moun vin zanmi ak yon lòt egzanp tankou:pouvwa,biznis,machin,moto,ak lòt byen materyèl ankò. (6)Èske gen gwo danje nan zanmitay?Repons(6)Wi gen gwo danje nan zanmitay, se lè zanmi ak yon moun ou pa konn ki jan de moun ou annafè, ou ka mòde dwèt pous ou mande bondye saw fè wap peye. (7)Èske li enpòtan pou moun ak moun fè zanmitay?Repons(7)Wi. (8) Èskè (2)de zanmi gendwa fè lontan zanmi? Wi li enpòtan lèw zanmi ak yon moun pouw ta rete zanmi ak li pou jis ou mouri. (9)Èske ou sipoze viv ak yon zanmiw byen, tankou frèw oubyen sèw?Repons(9) Wi ou sopoze viv ak yon zanmiw tankou frèw ak sèw,paske si gen tout bèl egzanp saa yo pou zanmitay nou sipoze viv byen paske egzanp saa yo moutre se frè ak frè,sè ak sè kap viv. (10)Èske yon zanmi ka lakòz malè rivew'? Wi si zanmi an gen move santiman.
Commentaires
Enregistrer un commentaire