Papam'


Depim' tou piti, mwen pa leve ak papam'.sete toujou ak manmanm' ak fanmi grann mwen, mwen te toujou ap viv.Manmanm' te toujou konn' ap eksplikem',kèk move bagay papam' te konn' fèl',men mwen pat' janm' dakò ak li,kòmsi se t'a manti l'ap banm'.konsa pandan jou ap pase jou apre jou,sekonsa mwen vin kòmanse bay manmam' kèk tikras rezon.Poum' palew de papam' plis non li se:Vilair Jacques li soti nan premye seksyon komin Pestel nan yon lokalite ki rele Charles-adant, manmanl' rele Amancia Decosse,Papal' rele Overne Jacques.Apre tout enfòmasyon mwen chèche sou li,yo fèm' konnen,li pat' yon moun ki te konn ap kreye latwoublay,angwo li te yon sitwayen responsab nan lokalitel',tankou lite adjwen yon chèf seksyon, ki se Dorcely Saint finey.Papam' pat konn ap mennen yon bon vi ak manmanm',apre sa manmanm' dim papam' te konn kitel' dòmi nan kay pou kont li, tout pandan li ansent mwen.Mwen fèt nan ane 1996 nan yon maten kote gen anpil kout loraj anpil lapli.Nan ane 1998 papam' deside kite manmanm' ap viv pou kont li, yo chak te fè bò  pa yo.sekonsa mwen vin ap grandi jou apre jou,apre sa manmanm' dim' lite voyem' lekòl ak laj 2/1,konsa m'ap avanse nan jarden d'enfant.konsa manmanm'ap kontinye dim' Vilson papaw' pajanm' voye anyen baw' pou lekòl ou non,ni pou  lòt non gasonm'.sekonsa nan mwa septanb 2008,pou twòp wonte li di manmanm' Gerda Maurice poul' mennenm' pòtoprens poum'vin jwenn li,manmanm' dil' mwen deja konn kijan out'ap viv ak mwen deja poudi ou pa al fè pitit mwen an pase mizè,lidi gade mache pitit la se sèlman pou ou li ye,se ou map tann,kounye apre tout dyalòg saa yo, manmanm' oblije obeyi.konsa manmanm' moute pòtoprens ak mwen,li pat konnen ki kote papam' rete li relel' poul' mandel' adrès li, sekonsa papam' di manmanm' m'ap voyew'al mete Vilson kay yon moun m'ap vin chèchel' pita, manmanm' di non li di manmanm' se kay yon matant li, kounye a manmanm'dakò, kounye a mwen wè jounen an pase mwen pa wè papam' demen pase semèn pase,mwa pase nada.nou konnen timoun pajanm'pa dezòd, se nan yon zòn nan kafou rele nan bèten, gen plizyè timoun kay matant li a,yo konn voye nou nan rivyè nan badnen timoun ak timoun, goumen konn pete,epi matant li an relel' li dil' Vilson goumen ak timoun nan rivyè a, lèl tande sa li pa fè ni2 ni3,24desanm 2008 li moute kafou  ak yon gwo tib, ki rele konbèlan yo gen abitid rale kleren ak yo,papam' rive li pa menm dim' lòt bagay ke metem' anba baton.                                                                                                                                                       Poum' esplikew' plis, li pa janm' eseye souke kòl' poul' metem' lekòl ditou.sekonsa mwa fevriye 2009 manmanm' di se twòp atò li moute li vin' chèchem', konsa manmanm' te vle desann pestel ak mwen, sekonsa li gen kèk frèl' kite rete klèsin2 Wesler Bonhomme ak albert David  (mounou)mesye yo di manmanm' nou regrèt sak rive a, men ou pa bezwen desann pestel ak Vilson ou mèt kitel' ak nou isit, san kè sote manmanm' aksepte.mwen pòtoprens mwen pa janm' tande bri mesye a menm.sekonsa tontonm' Wesler Bonhomme tap al marye, pidevan manmanm' pa dakò poum' al viv ak tontonm' ankò,pou rezon saa mwen te oblije desann pestel.konsa lavi ap kontinye nan 17out 2017, mwen te resevwa yon kout boutèy nan tèt mwen,pandam' tap soti nan yon match,mwen te grav anpil,mwen te fè 11jou nan oksijèn san konesans,poum' baw' plis detay se manmanm' sèl mwen te wè apre lòt fanmi yo,ak zanmim ,Jeanmack Alizé Etienne ,Jeanbertrand Etienne Député Ronald Etienne,Damiette Bellegarde Frè mizèm' Cadet Stanley(Jobed) ak yon pakèt lòt ankò.Wesler Bonhomme ak Albert David ki te pèmèt yo te resevwam' nan lopital bernard mevs.                                                                                                                                                                                                                  Nan mwa avril 2019 kote grann mwen Olga Bonhomme te pèdi lavil' ak anpil lite deja nan mòg.sekonsa mwen te viktim de abi pouvwa, kote yon polisye te rive soumwen poul' frapem',epi lèm' te vle moutrel' ke mwen konn' dwam' se sekonsa li te rele back up li pou te aretem' metem' nan prizon Jeremi kote mal veyan te chwazi maltretem', te menm fè tantativ pou tiyem',konsa manmanm' ak fanmil' zanmim' soutnim',kote yo te pèmèt lajistis konnen dosye a jan li ye a, sekonsa mwen vin jwenn libète mwen.Poum' baw' plis detay mwen pat janm' wè papam' nan okenn sikonstans,jodi mwen remèsil' paske te metem' nan vant manmanm',konsa map' mande bondye kontinye pwotejel' janl' kòmanse a,sekonsa mwen siyen divòs mwen ak li.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'