Mwen tèlman sezi,yon makèt ap konstwi nan vil Pestel.ou te konnen?


Yon nouvo makèt ap konstwi nan vil pestel,makèt saa pral la pou sèviw,kote lèw bezwen yon seri bon tibagay,l ap gen tout sa ki
dwe genyen nan yon makèt,ou pap oblije deplase pouw al achtel nan lòt vil yo,tankou Okay,Kanperen,Jeremi ak lòt vil ankò. Moun ki mete makèt saa nan konstwi an,se yon agwonòm kote anpil moun k apab konnenl,lise pitit Pestel natif natal(Agro Josue Bazil).li se yon jèn ki nan twatèn,aprè etid klasik li yo,li te pran desizyon pou antre sendomeng poul te etidye agwonomi,poul te vin sèvi peyil. Agro Josue Bazil ap dirije yon òganizasyon ki se(CFADEC),li travay nan plizyè depatman nan peyi a deja,inisyativ saa yo li pran yo,ap ankouraje tout pestelwa ak tout lòt etranje pou vini envesti lakay li.                                                                                                                Nan pestel nou bezwen moun pou vini vini envesti lakay nou pou pèmèt zòn nou gen plis valè,nou bezwen sa popilsayon an prè pou akonpanye nou vini vini antrepre.                                                                                                                                       Premye inisyativ mwen te konstate Agwonòm Josue te pran,kote li te mete yon mini bis pestel pou vwaje okay pestel.                                                                                                                Agwonòm Josue, popilasyon pestelwaz la voye diw pa dekoraje,epi yo voye diw yap priye bondye pou kontinye pwotejew,ankouraje.                                                                                             Pestel se yon komin k ap soufri lontan,kote li pagen yon pakèt aksè,Tankou wout,yon lopital de referans,pi bon lekòl,yon lise modèn,lekòl pwofesyonèl,ak yon pakèt lòt aksè ankò.                                                                                                Pestel se yon komin k ap tann moun pou vin envesti la dan, kèlkeswa kotew soti,kèlkeswa nasyonalite w,nou bezwen w.                                                                             Pestel lakay mwen, kote mwen mwen pran nesans lan,kote manmanm ak papam fèt la,kote  mwen renmen anpil la,daprè mwen se yon zòn ki vyèj jis kaprezan,vini vini antreprenè.                                                                           Pestel se yon zòn ki viktim de leta santral,Pestel lakay mwen,viktim kote li pote  move non tankou,gen moun ki konn fè konnen se yon zòn wouj sepa verite vini w ap wè,vini tabkou nan chak zòn,moun ap viv ki gen fwotman moun ak moun k a toujou gen diskisyon k a gen konfli, konsa men k apab mete, se nan sans saa,se k apab nan moman saa yo  yo etranje vini nan zòn lan epi zòn lan tou pote move non an,pou rezon saa otorite responsab yo dwe pran responsablite yo plis mete lòd nan dezòd,pou mete moun k ap vann move imaj pou kominote a vini n ap tann ou etranje, pitit komin nan.JACQUES Vilson          

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'