Bòykòt(Bòykotaj)
Moun ka toujou vle bay manti sou ou,yo ka toujou di sa yo vle de ou,men yon sèl bagay kwè nan tèt ou.Moun ka toujou mata renmenw avanse men,lit la pa fasil,pa dekouraje. Toujou fè plis efò pou se ou kap anplwaye moun,pou moun pa jwenn kote pou yo al mande revokasyon pou ou. Moun ka toujou wè ou pa merite bouje kòw pouw demelew,batay pa janm fasil.Moun ka toujou konfyew san konfye,kote yon moun fèw konfyans li envesti ak ou ak remèt ou byen materyèl li,epi lap pran tripotay nan men lòt moun,sa rele (konfye san konfye).Lavi a mande pouw fè anpil eksperyans, ak tout jan de moun,sa kab pèmèt ou pran leson pouw konn kijan pouw kontinye viv. Moun ka toujou twonpe de ou,selon sa li vin aprann de ou,ki gendwa manti ou verite. Antouraj yon moun kapab pèmèt li, pa janm ka depase limit nenl,koz yo pap edel,epi yap anpeche yon lòt moun edel. Kijanw ka ede yon moun?Ou ede yon moun nan plizyè sans,ou fè yon moun kado,ou ka ofril fè biznis avèw,ou bay moun bon konsèy.Oute konnen pandan wap ede yon moun ou ka tou tèt ou? Moun ki rayiw pap janm renmen byen pou ou,tankou pouw ta ap travay ap bay moun dyòb,pa dim ou pat konnen lè yon moun rayiw sepa tiye li ka tiyew sèlman non,li ka dejwew,li ka bòykotew,dim non, oupat konnen ou pa bezwen fè yon moun anyen poul rayiw. Moun ka toujou travay ak moun,sa depan de moun ki gen plis mwayen an.Fanmi yon moun ka toujou pa vle byen pou li,tankou sa li paka fè pou li,li pa vle yon lòt fèl pou li.Li pap fasil pouw dekouvri yon fanmi pwòch ki pa renmenw,pafwa fanmi an konn pa menm rann kont si li pa renmenw. Mwen Jacques Vilson mwen kwè nan efò map fè ak tèt mwen,pou moun sispann bòykotem,fèm travay anven.Moun ka toujou itilizew mal men pran kouraj.Jacques Vilson ap toujou goumen pou fè nonl respekte,(efòw se respèw).JACQUES Vilson
Commentaires
Enregistrer un commentaire