Efòw se respèw


Efòw se respèw,toujou lite pouw kapab itil tèt ou,fanmiw,zanmiw ak lòt ankò.                                        Moun ka toujou di sa yo vle de ou men,se ou ki pou fè efò pou moun pale byen de ou e pa wèw nen pòt jan nan je yo,bagay yo pa fasil,depi mond lan mond men toujou goumen pou onèt-ete ou.                                                                                 Ou ka toujou rakontre difikilte sou wout,moun ka toujou pran plezi pou fèw mechanste,pou detounenw men,tout tanw ap viv toujou panse ak echèk la ni reyisit la.Moun pap renmenw siw pa nan sans yo,siw pa gen menm objektif ak yo,sitou siw pa tolere nenpòt kalite moun tankou:parese,endisipline,mèlmèl,3twa kalite saa yo siw genyen nan lavi ou pap depase limit nenw.                                                                    Tout otan ou fè plis efò nan lavi ou gen plis respè,gen plizyè fason ou ka fè efò nan lavi,ou kapab te pèdi tanw pouw te respekte tout prensip ki gen lekòl yo epi, ou ri fini klas ou epi fanmiw pagen mwayen pou pèmèt oi aprann yon metye,epi sekonsa yon bon zanmi edew aprann yon metye ki pral sèviw pou tout viw, jan mwen eksplike a siw pat pèdi tanw pouw tanl lekòl ou pat ap gen chans jwenn gen metye saa,savle seyon efò ou deja fè.Ou kapab renmen travay ou jwenn travay ou travay se yon efò,ou kapab mande prete ou fè biznis,se yon efò,ou kapab leve ou jwenn fanmiw posede anpil byen ou kontinye sou menm rit la se yon efò.                                                                                                                       Efòw se respèw.                          Moun kapab toujou pa respektew koz ou pa posede byen materyèl,menm jan siw pa aprann okenn metye pou edew nan lavi, moun ka toujou imilyew.pafwa efòw konn depan de yon moun,tankou yon moun envesti yon kantite lajan nan yon biznis li baw jerel,kounye a ou pral gen pouw fè efò pouw jerel,poul pa echwe.lèw pa posede anyen ditou sa pa vledi ou paka fè efò,menm si efòw ka limite ou ka fè efò.                                                                           Kisa efò a ye tout bon vre? Efò a se yon entelijans ou deplwaye epi ak prensip ou tabli pouw ka reyisi.                                                         Atansyon aprè yon pakèt efòw konn fin fè ou kapab jwenn difikilte,kote moun ki pa pèdi tan yo pou sa kapab rayiw pou ta detounenw.Èske reyisit la se yon chans li ye?Non reyisit la se pa yon chans,li pito depann de efòw fè pou sa,menmsi ou ta jwenn yon lajan atè sepa yon chans,siw te chita lakay ou pat ap jwenn li,se yon efò ou te fè ou mache.                                                                                           Kisa chans lan ye menm?Yo toujou di chans se yon fenomèn,tankou menmsi ou pafè efò pouw gen yon bagay ou ka jwenn li.kèlkeswa saw jwenn lan nan pakouw se efò ou fè pou sa.                                                                                                                Pou rezon saayo jèn yo timoun yo,granmoun yon annou fè plis efò poun ka gen plis respè.JACQUES VILSON


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'