Grann mwen Olga Bohomme.




Grann mwen (Olga Bonhomme) fèt nan katriyèm seksyon komin pestel,nan lokalite paviyon,8mars 1941 Manmanl te rele (Jedenette Candy),papal te rele(Ysack Bonhomme).                            Grann mwen Olga sete yon manman kite gen sousi pou pitit li,grann mwen olga,fè premye pitit li,Mislie Maurice Alcegaire, nan ane 1968,ak Gran papam Jordany Maurice,nan ane 1971 li vin fè Gerda Maurice manman pam ki pase anpil tray ak mwen Vilson Jacques.                                                                                                                    
3Twa ane apre,nan ane 1974 li vin fè Danilo Maurice,konsa li vin gen 3twa pitit ak gran papam Jordany.

Sekonsa gran papam pral vin pèdi lavi l 21septanb 1983,konsa sitiyasyon pral vi n pi difisil pou grann mwen Olga koz li vi n ap san li pa gen mari pou bali kout men.

Sekonsa nan ane 1978,li vi n rankontre yon mesye sou wout li,ki rele Verguil Leger,konsa Verguil vi n mari l,pou m baw plis detay grann mwen Olga vi n fè yon pòte marasa(Bedlais ak Bedlaine),3twa ane apre,nan ane 1981 grann mwen Olga vin fè (Wesler Bonhomme).

Pou plis eksplikasyon,jan mpral di nou an sekonsa Verguil pral pèdi lavil nan an 1995 Verguil t ap al pèdi lavi l koz li te malad anpil,selon kèk enfòmasyon ta sanble se pwazon yo ta bali.Byen avan Grann mwen Olga te gentan separe ak Verguil.

Konsa grann mwen Olga vi n gen 6sis pitit san papa nan menl.

pou nou kontinye,nan ane 1983 grann mwen Olga vi n kwaze yon mesye sou wout li,ki rele Alfonse David,konsa nan ane  1986 kote diktatè Francois Duvalier ta pral pati an egzil,epi Grann mwen Olga vin fè Albert David,anpil moun konnen sou non (Mounou)bon bagay.

Pou mwen bay plis detay grann mwen Olga vin gen 7sèt pitit nan menl,poum byen diw grann mwen Olga tap viv ak 7sèt timoun kote se sèlman youn papal te prezan,men prezans papaa se pat pou lontan,kèk ane apre grann vin paka viv ak Alfonse David ankò,koz yo pat rive kontinye antann yo ankò,
konsa yo te vi n separe.

pou n ale pilwen finalman grann mwen Olga te vin bat dlo pou fè pou sèt timoun ki nan menl,kote li vi n rive mete tout lekòl chak jou fòk yo manje,fòk inifòm fèt pou 7sèt timoun,fòk lekòl peye,maladi se li menm,anplis lòt ti fanmi pwòch sou kont li,poutan li pagen atouch okenn kote,se li ki pou demele l kou mèt janjak.Apre tout difikilte saa yo Grann mwen Olga Bohomme te rankontre,li te toujou ap lite jis te fin leve tout pitit li yo,li te fè tout sa yon manman bonkè kapab fè pou yon pitit.Pou nou avanse,Grann mwen Olga,avan li kite tè a waw li pala ankò,li te ede pitit Gerda yo anpil,epi se nan plizyè sans wi,koz Gerda manman mwen,te rankontre prèske menm pwoblèm ak li.Poum baw plis jiskaprezan se sou menm kras san mwen ye laa,koz se pitit Grann mwen Olga yo kap ede nou fè kèk bagay,edene nou wè si nou a soti tèt nou,espesyalman mwen Jacques Vilson.

Pitit Grann mwen Olga yo ak lòt fanmi yo mwen felisite nou pou konpreyansyon nou ak tout sèvis nou bay pitit Gerda manmanm,mwen toujou priye bondye pou kontinye pwoteje nou janl kòmanse a,mwen eskize nou pou tout sa mwen te fè nou,ki pat fè nou plezi.

Grann mwen Olga lanmò vini,li se pare w ak nou humm se lavi.Grann mwen Olga la li pa mouri,tout tan Mislie Maurice Alcegaire,Gerda Maurice,Danilo Maurice,Bedlais Bonhomme,Bedlaine Bonhomm,Albert David egziste.(Grann mwen Olga)Jacques Vilson.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'