Ijans familial

    Pou:5senk pitit GaGa                           Fèt:                                                  Croix-des bouquet.                le.                                                          29/03/2021


Mwen salye nou,mwen pran swen poum ekri nou jodi a,mwen swete nou tout anfòm,menm si mwen konnen nan mond saa nap viv la pa anpè vre.Jodi a mwen pwofite okazyon pou mwen ekri nou,koz difikilte mwen,anplis grann mwen te ale li kite m nan men nou.Jan nou kòmanse a,m ap mande fè sa yon lòt fason,tankou mwen menm oubyen youn nan pitit manmam yo kapab gen yon pwoblèm,epi nan moman an,nou menm nou gen pwòp pwoblèm pa nou pou nou jere.Mwen pral eksplike nou byen,mwen pa di afè nou bon,e m pa konnen afè nou bon,men kounye a, si mwen blip mwen tonbe malad oubye mouri,jan grann te di a,jan nou abitye fè a,tankou nou konnen pou moman saa nou se sèl resous ke mwen genyen.Pou nou pale plis,manmanm Gerda se li menm,ki mwens bouje kòl nan moman an,mwen menm kòm 3twazyèm pitit manmanm,parapò ak entelijans mwen,nivo refleksyon m,mwen vle sou laje nou tonton ak matant,epi ede manmanm ak lòt pitit li yo.Mwen Vilson gen pwòp rèv mwen vle reyalize tou nan lavi pam,se pou tèt sa jodi a mwen ekri nou,mwen konnen nou pap fèmen je nou sou sa.Gen de bagay si ta edem fè yo sa t ap make nan listwa lavim.Mwen konnen chak grenn nan nou menm nou gen pwòp responsablite nou,men mwen twouvem nan yon sitiyasyon difisil,em gen kèk bagay mwen te ka fè poum amelyore sititasyon yo.Pou tout rezon saa yo,mwen ap adrese lèt saa ak Matant Misou,Tonton Dàn,TonTon Bledlais,TonTon Mounou,TonTon wes.premye rezon kifèm ekri nou lèt saa se koz yon souflèt kem resevwa nan men yon zanmi,zanmi te gentan envesti yon pakèt kòb ak mwen afème kay,fè yon pakèt bagay,epi yon maten zanmi an relem li dim,map eskizew zanmim men mwen pap kab kontinye ak ou,men mwen pap ka b baw rezon an,epi li mandem poum remèt yon fanmil tout materyèl ak tout lajan,kounye a se fanmil kap jere biznis lan pou li.Pou sa ki rive a mwen fè yon refleksyon,mwen di se nou menm ki te banm jere yon biznis,nou pat ap blazem nan yon eta konsa.Mwen Vilson jodi a mwen mande nou silvouplè kijan nou ka,konplete ansanm pou ta pretem 75000gds pou ta demare ak yon biznis moncash,poum ta remète nou kòb saa nan 8ruit mwa.Mwen konte sou nou m ap tann repons nou.JACQUES VILSON

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'