Kisa politik la ye tout bon vre?
Kisa politik la ye tout bon vre? Politik la,se yon syans,yon syans depiw tande pale de li ou sipoze tande pale de devlopman,paske moun ki ta gendwa fè politik yo, se moun ki la pou fè devlopman nan kèlkeswa sans lan. Pou kèlkeswa pòs yon moun kandida nan peyi pam lan(Ayiti)se toujou pwomès devlopman,yo toujou ap fè. Mwen toujou tande moun se sèlman majistra ki la pou fè devlopman paske se. yo toujou di ki ajan de devlopman,poutan devlopman fèt sou plizyè fòm. Poum baw pliz detay,palman pa fèt pou majistran,se pou depite ak senatè li la,tankou lè yon depite tankou(Ronald Etienne) fè yon pwojè de lwa,tankou lwa sou desantralizasyon,menm jan yon senatè ta fè kèk pwojè de lwa ki nan avantaj peyiw la(Ayiti)laa yo menm palmantè yo,yo goumen pou fè devlopman rive lakay ou,kounye a majistra yo pral gen pou anbrase sak ap vin jwenn li an pou lakay li a.Se menmjan ak yon prezidan kap fè yon pakèt bon travay nan peyi yo,laa yo se ajan devlopman tou,poutan se sèl majistra yo di ki pote non ajan devlopman. Yon bagay pou tout moun konprann,yon moun kap fè bon travay nan peyil kap itil tout moun li se yon ajan de devlopman,paske se devlope lap devlope zòn ni,si gen yon pakèt bagay ki pat la avan, yo vin la se devlopman ki fèt.
Ayiti peyi pam kote map viv, kote manmanm ak papam fèt,pi bon sitwayen yo gen difikilte pou yo fè politik,paske Ayiti peyi pam lan,pouw fè politik nan je yon gwoup moun kap tann yon pakèt bagay nan menw ki pa lòt ke enterè pòch yo,fòk ou sanwont,visye,odasye,vòlè,kriminèl pouw reyisi nan politik nan peyi pam.Tout kalite saa yo mwen sot site laa yo,pa genyen yo nan objektif yon bon politisyen tout bon vre se sak fè wap yon pakèt raketè politik posede mezi lajan peyi a yo vann mezi tè leta,yo piye mezi byen peyi pam lan(Ayiti).konsa wap wè kèk vrè politisyen ki pa fasil pouw jwenn jan de moun saa yo,se nan klasman malere yo mete yo paskeyo pa gen objektif :piyajè,sanwont,visye,vòlè,odasye,kkote bon politsyen saa yo sitwayen onèt saa yo ke peyi a respek anpil la paske yo respeke syans lan(politik). Kalite saa yo tankou:sanwont,ou mèt fèk ap joure raketè politik parèy pou dil ki fèt ou ou pa jwenn lan,kan li baw paw ou silans.Odasye,ou mèt ap fèk fin vòlè lajan peyi a wap plenyen de moun kap vòlè lajan peyi a.vòlè,wap gagote lajan peyi a pou kont ou ak yon ti gwoup raketè parèy ou. kriminèl fòk ou toujou metew prè pouw mete dlo nan je pèp la.Tout rezon saa yo fè yon bon sitwayen onèt pakapab fè politik nan peyi pam lan (Ayiti). poum baw plis detay yon bon sitwayen ki nan politik,wap toujou gen mwens moun,mwayen tankou byen matyè paske ou pa kwè nan fè move bagay pouw reyisi,ou pap nan bay moun manti pou pèmèt yo vin moun paw. Tou manti pa fon ann eseye voye move kalite saa yo ale,pou nou ka gen yon lòt ayiti,nou menm sitwayen onèt yo reve a.JACQUES Vilson
Commentaires
Enregistrer un commentaire