Croix-rouge jeunesse,comité local pestel.
Fèt pestel 15/05/21
Nou salye tout responsab nan pi wo nivo pase nou yo.
Nou menm komite lokal pestel la,se yon plezi pou nou,pou ekri pi wo nivo pase nou yo,nan CRH,nou vrèman dezole ak sitiyasyon peyi a ap travèse a,nou menm nan komite lokal CRH pestel la,jodi a nou pwofite okazyon pou nou adrese ak pi wo nivo pase nou nan CRH.Nou menm komite lokal pestel la,objektif nou pou nou ekri lèt saa se pou pote soutyen ak nou menm,pou pèmèt nou jwenn materyèl pou nou travay jan nou te pwomèt nou pra l travay la.
konsa nou vle enfome nou nan piwo nivo a ke,nou pa posede anyen kòm materyèl.
Daprè nou menm, nouvo komite saa,kwawouj te mouri nan komin pestel,kounye a nou gen pou misyon resisite l,konsa nou bezwen soutyen pi wo nivo yo pou nou avanse,konsa nou ka atenn objeketif nou tout bon vre.
Nou menm nan kwawouj jenès nou pral bezwen patisipe nan fòmasyon,pou pèmèt nou konnen travay nou pra l fè a pibyen,konsa nou remake pa vrèman gen jèn ki asanm ak nou nan kwouj pestel,pou rezon saa nou vle sansibilizasyon,nou te vle ale nan lekòl yo,nan legliz,epi pou pèmèt yo al sèvi kominote yo,konsa nou jèn yo manke kèk bagay yo konsidere kòm bezwen,tankou (kapòt)ki on tijan ra bò isit,pou pèmèt jèn yo pwoteje tèt yo kont maladi seksyèlman transmisib.
Pou matryèl n ap bezwen ki pi ijan : kit premye swen pou volontè nou yo,ki resevwa fòmasyon sekouris,yon moto siklèt pou pèmèt nou pase nan plizyè lekòl nan kominote a, n ap bewzen branka,plandi pou pèmèt nou bay sèvis premye swen.
Pou nou ale pilwen ak jèn yo n ap bezwen fè klèb(25).
Chapo ba pou nou nan pi wo nivo a, nou konte sou nou.
Jan nou pale a se konsa kwawouj pral resisite nan komin pestel.
Prezidan Croix-rouge jeuness, komite lokal pestel,Jacques Vilson.
Ijans
Commentaires
Enregistrer un commentaire