Gen lè pestel resi jwenn yon moun k ap panse pou li tout bon vre !


Ta sanble komin pestel resi jwenn yon moun k ap panse pou li tout bon vre,Sou plizyè gwoup what'sapp,n ap swiv plizyè analiz k ap fèt kote x di li ka fè wòch tounen pen,y di li ka fè syèl la kontre ak tè a.

Pestel nou ka fè sa kòm remak aprè tout analiz k ap fèt,tout moun ap pale,di sa yo panse yo ka fè.

Mwen toujou ap swiv Dieunou Etienne,fason l pale,toujou moutre li anvi delivre komin pestel.

Dieunou Etienne jan w eksplike komin pestel ap soufri a,(an danje)aprè tout analiz ou fè yo,ki ta vle moutre ou t a renmen pestel avanse tout bon vre.

Dieunou Èske w pa panse si w ta met pye w atè,pou w vi n ede kominote a li pa t ap pibon,avan li fin ta ? 

Gen yon remak mwen fè,nan peyi pa nou an(Ayiti),gen tout kalite lidè,ladan yo : lidè facebook,lidè whats app,ti komik,lidè grenn5.

Nan tout lidè saa yo,aprè analizyo,yo banm espwa nou pra l gen yon pestel,ki pra l gen lavi jan yo fè nou espere a.

Jan de lidè saa yo,pi bon fason yo fè pou yo jere lidèchip yo,se detwi sitwayen onèt  pou moutre se yon menm ki kapab fè sa ki bon,pou tan lidè whatsapp saa yo mwen wè laa, waw tèt chaje Pestel an danje.

Kalite lidè saa yo,pou nou t a vi n lidè pestel fòk nou ta fè yo bagay pou facebook,ou byen whatsapp,oubyen timon k ap gade fim ti komik yo.



Aprè tout reyalizasyon yo,mwen panse nou ka vi n lidè pestel wi,paske si w yon kote w ap kite l,antanke yon lidè fòk ou reyalize kèk bagay ki bon.

Pou m avanse,mwen felisite lidè whatsapp yo,pou jan y ap fè travay yo a byen,travay yo se : bay manti sou moun onèt,detwi moun pou motre se yo ki bon moun,bay tan yo pou yo radote,pou tan yo bliye kiyès yo.Jacques Vilson


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'