Kèlkeswa trezò a pa sifi pou diminye valè m,onè m, respespè m!

Nen pòt sa yon moun t a posede ke mwen pa posede,pa sifi pou diminye valè m.




Respè yon moun pa depan de lòt moun ke ou menm.Moun ka toujou panse sa yo vle de ou,men jere sa.

Nan mond lan jèn yo,ak tout lòt tranch laj ou gen yen yo,tèlman ap bay pwoblèm,moun oblije krent tout moun.

Nou menm jèn yo,kèlkeswa laj ou genyen an,jere sa sispann trase move egzanp.

Lavi a di se vre tout moun konnen sa,gen moun ki di:konpreansyon,konsyans,imilite,tankou gen jèn ki pa gen saa yo lakay yo,pa gen pa wòl fèm mal konsa,se tankou mwen te pèdi manmanm.Nou konnen mond lan ap boulvèse,moun pè moun,men gen de pa wòl yon moun repete waw sa di pou jenès la,si tou lè yo sonnen nan zòrèy mwen.

Ou ka toujou panse sa w vle wi men mo yo twò dwòl.

M ap fè plis efò, menm jan efò m se respè m lan,se konsa demen maten pitit mwen efò l ap respè l,gen kèk move pawòl yon moun ka chwazi diw jodi a ou oblije goumen anpil demen,pou moun pa repete pitit ou jan de pawòl saa yo.

La vi pat janm fasil depi mond lan te mond,men waw pou efò mwen fè pou moun pa derespektem.

Mwen fè yon pakèt efò pou demen pou moun pa repete pitit mwen,mwen te yon move moun,moun asasinen m mwen pa vanje nan fason poum pa fè krim,mwen viktimi de abi pouvwa,mwen pa janm fè anyen yon fason pou pa pote move non,yo maltrete fanmi m mwen devan je m,mwen rete ap gade yon fason pou m pa pote move non.

Jodi a mwen mwen aprann konpreansyon,ak konsyans ak imilite echape lakay mwen.

Soufrans se pa sèlman lèw grangou,lèw nan prizon,lè yo asasinew non,move pawòl ki pa sanble w k a pèmèt ou soufri,sa depan de ki moun ou ye.

Mwen pa konnen si yon moun t a diw sa si l pat fèw mal men sa di anpil,paske lavi m,tan m,pèsonalite m enpòtan pou mwen anpil resezi w,antre mo saa,ak tout respè mwen gen pou ou.
Jacques Vilson

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'