Croix-rouge jeunesse Pestel


Nan non komite lokal kwawouj pestel la nou salye atansyon tout moun k ap gen pou li atik sa a,konsa nou felisite gwoup moun ki te pèmèt gwo bout tonton aktivite sa a te reyalize nan komin nan, an patikilye Josue Bazile,kote staff unicef la te vini nan komin pestel kote atis Jeanjean roosevelt te te la ansanm ak nou,konsa nou te pote anpil doleans bay staff unicef la,konsa yo te pwomèt nou gen de bagay pozitif ki posib pou reyalize nan enterè jèn kominote pestelwaz la.

Nan ransableman sa a staff unicef la te rive kreye yon club jèn ki rele u-report.

Egzitans club sa a daprè staff Unicef la se yon strateji pou ede jèn yo avanse pi rapid e pibyen ak pou rann jèn yo kreye lidèchip yo nan kominote yo.

Kwawouj jenès pestel la felisite gwoup jèn ki t ap soutni inisyativ sa a,konsa nou salye responsab INIJANH an patikilye Réné Louis,konsa nou menm nan kwawouj jenès pestel la n ap di nouvo club jèn saa byenvini nan komin pestel.

Pou nou sove komin pestel,jan nou di a:Kwawouj jenès rete kwè ni INIJAH,ni U-report ak tout lòt club jèn ki genyen nan kominote a genyen menm travay ki se travay ak jèn yo,fòme jèn yo,aprann lòt k ap vini fè sa ki pozitif,pou rezon sa a Kwawouj jenès mande tout club jèn ki nan komin nan pou fè yon kolabo pou nou travay ansanm pou byennèt kominote Pestelwaz.

Prezidan Kwawouj jenès pestel JACQUES Vilson

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'