Rankont ofisyèl Prezidan CRJ
Nan non komite lokal Croix-rouge pestel la, nou salye tout moun nan popilasyon pestel la ak tout lòt moun k ap gen pou li tèks saa.
Nan rankont mwen te ye ak prezidan Croix-rouge jeunesse nationale la 11/08/21.
Nou diskite,nou dyaloge anpil mwen eksplike l tout feblès CRH gen nan pestel,mwen prezante l pwogram mwen an.Mwen mande l kijan li ka akonpanye pou pèmèt nou vanse,mwen eksplikel kijan sa te ye avan komite saa te moute e mwen eksplike l kijan nou vle chanje sa,konsa mwen di li kijan komite saa gen devouman pou travay.
Mwen pwofite prezante l plan devlopman Croix-rouge jeunesse pestel la.
Mwen eksplike l kijan nou sansib pou statut CRH la,e mwen garantil kijan nap vanse.
Mwen anonse l kijan mwen pral rann li san souf pou komin mwen an(pestel)paske komin mwen an konte sou mwen, yo voye m vin reprezante yo nan kad jenès la,jèn yo ap tann mwen fòk mwen travay byen kòm sa dwa.
Mwen eksplike l ke mwen te ekri yon atik pou m te kriye viktwa pou jèn pestel yo,mwen di li sepa kè kontan ki te fè m di sa se paske mwen konnen mwen pral travay pou yo kòm sa dwa epi se la mwen ye laaa.
Prezidan nasyonal CRJ a:li ak tout ekip li,yo resevwa ak onè ak respè,yo moutre m ke mwen lakay mwen yo rann mwem alèz,mwen pa mare, Li di m se premye fwa komin pestel bay yon prezidan jenès konsa,pou rezon saa yo mwen vrèman fyè de ou,kounye mwen prè pou m akonpanye w nan tout sa wap fè nan CRJ a.
Li pran doleyans mwen yo epi li di m li pa janm fasil pou yon prezidan CRJ jenès rive isit,el di m depi w rive laa ou gen devouman tout bon vre,epi li pwofite felite m pou devouman mwen.
Sekonsa li felisite m pou plan devlopman CRJ pestel la mwen moute kote li gen anpil gagay enpòtan ladan l.
Li apresye jan komite lokal pestel la sansib pou statut CRH la.
Li reponn mwen, li dim sa fè lotan yo t ap chèche yon prezidan jenès konsa,epi li fèm chita nan biwo l el fè tout kòlèg vin salye mwen.
Li di mwen pwove tout bon vre viktwa se pa pou jèn pestel sèlman paske,viktwa pou li tou paske mwen se imaj li pestel.
Sekonsa mwen te demand kèk materyèl,konsa mwen resevwa kèk ladan yo.
President Croix-rouge jeunesse Pestel:JACQUES Vilson
Commentaires
Enregistrer un commentaire