Politik divize nou Pestel.

Isit Pestel ou kapab pa t menm konnen oute gen pwoblèm ak yon moun,poutan li énmi w san énmi w.Pou kisa nou di énmi w san énmi w? Se paske ou pat konnen ou te gen pwoblèm ak pèsonn. Li vi n tris lè w ap gade nan ki kondisyon ou pèdi zanmi w san enterè serye.Souvan ou ka wè n ap pale men youn ap veye lòt. Bò isit pestel gen kèk moun ki jwe yon wòl yo (tchoul) tchoul se moun ki la pou manje depi se rès manje ki nan yon kay,se li ki la pou benyen chen yo,li la pou bay patwon an énmi,paske se li k ap vi n di patwon an men moun ki pou li, men moun ki pa pou li,moun saa yo toujou anba dyòl,pale anpil sou rezo sosyal pase yo pagenyen,sa k pirèd la moun yo toujou vle atake depi se moun ki la pou sèvi kominote a, epi k ap sèvi kominote a jan yo dwe fè sa. Karaktè tchoul: yo pa janm bezwen metye,yo visye,yo tripotay,yo grajè,yo pa renmen pran swen bouch yo. Nèg isit itilize politik la,pou yo divize komin nan,yon fason pou moun pa vle wè moun,isit Pestel bagay yo tèlman konplike nou nan yon sitiy...