Bonhomme Wesler,yon desanm tèt chaje!


Depi kounye a anvan desanm lan rantre,mwen gentan wè se yon desanm tèt chaje li pra l ye pou mwen.

Boss mwen zanmi m frè m kèm tonton m,Bonhomme Wesler ou pa ayiti ankò,lè w te isit depi Desanm lan rive se moute pòtoprens vi n fete ak ou,mwen pagen dwa pou m achte ni rad ni tenis,lè w te ayiti mwen t ap viv ak kè kontan,koz ou te toujou akonpanye m nan tout sa mwen te vle fè ki bon.
Depi w fi n kite ayiti a chak lè m rantre pòtoprens se dlo nan je mwen ye,jodi a ou ale ki te m bò isit,menm si Tonton mounou la se toujou patèm,matant Bedlaine la,Ton Bed tou konn voye je sou nou,se pa menm bagay,lè w te isit menm si w nan travay mwen pase jounen ansanm ak ou nan travay la.
Mandanm se zanmi pam afè pa m,one love.

Mwen kapab di w sa Wesou mwen gen anvi mete pye m kote ki rele pòtoprens menm,se pa paske lòtmoun mwen yo pa ban m love non,men amitye ki devlope mwen ak ou a se pa menm jan pou lòt yo.

Mwen konprann ou Bohomme peyi a vi n twouve l nan yon sitiyasyon kote li vi n danje: kote bandi ap fè la lwa,w ap resevwa vye pwomès,y ap kidape moun,ou oblije lage pye w,ou fè yon chwa.

Mwen toujou priye pou ou My boss nòmalman pou w kapab jere madan m ou ak bèl pitit fi w la ak tout lòt pwòch yo.

Jodi a grann mwen Olga, premye ak dènye rezèv mwen pa la ankò humm,men li te fè tout sa pou l te fè pou pitit li yo te kapab al sèvi sosyete a nan tout meyè kondisyon yo.

Pwoblèm sou pwoblèm aprè tout saa yo,pandan tranbleman 14out lan mwen santi m choke psychologiquement,koz dega mwen wè ki fèt,mwen pat prepare lespri m pou sa.Jacques Vilson.




Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'