Politik divize nou Pestel.
Isit Pestel ou kapab pa t menm konnen oute gen pwoblèm ak yon moun,poutan li énmi w san énmi w.Pou kisa nou di énmi w san énmi w? Se paske ou pat konnen ou te gen pwoblèm ak pèsonn. Li vi n tris lè w ap gade nan ki kondisyon ou pèdi zanmi w san enterè serye.Souvan ou ka wè n ap pale men youn ap veye lòt.
Bò isit pestel gen kèk moun ki jwe yon wòl yo (tchoul) tchoul se moun ki la pou manje depi se rès manje ki nan yon kay,se li ki la pou benyen chen yo,li la pou bay patwon an énmi,paske se li k ap vi n di patwon an men moun ki pou li, men moun ki pa pou li,moun saa yo toujou anba dyòl,pale anpil sou rezo sosyal pase yo pagenyen,sa k pirèd la moun yo toujou vle atake depi se moun ki la pou sèvi kominote a, epi k ap sèvi kominote a jan yo dwe fè sa.
Karaktè tchoul: yo pa janm bezwen metye,yo visye,yo tripotay,yo grajè,yo pa renmen pran swen bouch yo.
Nèg isit itilize politik la,pou yo divize komin nan,yon fason pou moun pa vle wè moun,isit Pestel bagay yo tèlman konplike nou nan yon sitiyasyon kote si w ap achte yon bagay pou w manje nan men yon machann si w te distrè pandan yon ti moman ou oblije pa manje l ankò,paske finalman ou pa konn kiyès ki ka b fè w mal,koz ou pa konn ni zanmi w ni énmi w,paske si mwen se moun tiJan,ou se moun ti Jak otomatikman ou gentan énmi m,se konsa Pestel ap fonksyone laa peyi kraze.
Gen moun pestel ki di yo se lidè,aprè tout sa yo fè,yo antere pestel nan zafè bouyi vide ak kolonn yo lòt kote,epi yo pote zen an ban nou pestel,epi jiska prezan pou yon pakèt sèvèl kalbas, yo se tou puisan.
Pestel avan, lè m t ap leve,lè vakans ak lè week-end se te al tire ti zwazo,benyen nan lanmè,fè lago,jwe foutball, apati de 2006 pestel vi n gen yon sistèm gang kote yo fè yon ekip jèn konprann yo se chèf pou y ap fè la lwa,aprè yo se yo.
Pestel depi 4ane pestel rale yon souf kote jèn saa yo kòmanse ap rann yo kont se tenten yo t ap fè yo fè.gen nan yo ki kòmanse aprann metye,genyen k ap fè trafik,genye ki toujou ap jwe wòl tchoul la.
Jodi a tout moun vi n aprann kiyès tout moun ye Pestel,Pestel (depatcha)
Mwen konnen tout sa m ap di yo laa se pa tout moun ki gen kouraj pou di yo,tout moun ki fè sanblan ke yo nan plas pou ta di yo,yo se yon bann mesken ki ret ak moun,mwen konnen mwen. K ab mouri pou saa yo,men mwen di l.
Pestel pèdi tout sitwayen onèt li yo prèske,epi ti sa ki rete laa yo pakab goumen ankò pou pran pozisyon saa yo.
Nèg yo kraze komin lan epi yo rann Evil ak Ronald respons,nèg yo bay pestel énmi nèg yo fè tout sa yo te gen pou fè mal nan non pestel.
Pestel gen sa yo rele,reti kò w banm pa m,pou sa y a devore fè w tout sa ki mal.
Gen yon seri lidè chalatan,yo tèlman wè yo fini mal nan politik la, yo te antre tankou se nan jadan manman yo ak papa yo pou te vi n kraze Pestel la,yo tankou chen ki pran tabak.Mesye nou kraze Pestel
Jacques Vilson.
Commentaires
Enregistrer un commentaire