CROIX-ROUGE JEUNESSE REGION GRAND'ANSE
Grandans 19 Desanm 2021
soti: kwawouj jèn rejyon grandans.
Pou: Wo nivo kwawouj Ayisyen.
Objektik: Akonpayman.
Gwo bonjou,bonswa pou wo nivo Croix-rouge la.
Gwo bonjou,bonswa pou wo nivo Croix-rouge la.
Gwo remèsiman pou travay nou reyalize nan peyi ak ankadreman CRH la bay jenès la.jèn yo vrèman kontan pou tout opòtinite ke CRH ba yo pou aprann yo konstui lidèchip yo ak konnen kijan pou yo egzèse l.
Jodi a (CROIX-ROUGE JEUNESSE) rejyon grandans lan mete Chapo li byen ba devan wo nivo CRH la.
Se ak tout devouman nou genyen pou nou travay ak kominote nou,ki koz jodi a nou pran san nou e nou pran tan nou pou nou ekri wo nivo a.
Nou menm CRJ rejyon grandans, nou konsidere tèt nou kòm viktim,wi nou viktim,pou nou byen eksplike sepa sèl prezidan jenès yo ki fè pati CRJ.
Si tout bon vre jenès la voye nou reprezante yo,nou sipoze fèsa byen.
Nou menm CRJ rejyon grandans nou pa vini pou anbarase pòs,non sepa sa nou vi n fè,nou vi n travay pou kominote nou,nou CRJ, nou jwe yon gwo wòl nan sosyete a.
Nou menm CRJ grandans lan,kòdonatè komite lokal CRH yo se papa nou e nou respekte travay y ap fè yo anpil.
Konsa nou pral eksplike nan ki sans nou viktim lan.
Plizyè fwa, Wo nivo CRH la konn ap òganize fòmasyon pou volontè li yo,souvan gen kèk jèn ki byen prepare pou resevwa fòmasyon epi pou al retransmèt ,se moun ki konpetan ki vle aprann kèk bagay,yo vle benefisye kèk bagay de CRH la pandan y ap fè volontarya.
pi souvan kòdonatè lokal yo konn chwazi moun yo plis renmen fòm tèt yo pou pran tout kalite fòmasyon
Epoutan jenès la ap soufri, yo paka benefisye fòmasyon.
Nou menm CRJ rejyon grandans nou mande pou wo nivo a repanse bagay yo,pou yo jwenn yon antant prese prese ak kòdonatè komite lokal yo,pou di yo,lè y ap gen pou fè chwa moun ki dwe al patisipe nan fòmasyon,si pa egzanp y ap bezwen 5 moun pou al nan fòmasyon,kòdonatè komite lokal yo dwe chwazi 3 moun,epi Prezidan CRJ yo ap chwazi 2 moun.
Anplis se nou menm Responsab jès yo ki fwote ak jenès la plis,se nou menm ki plis konnen kiyès ki pare pou resevwa fòmasyon ak kiyès ki kapab al retransmèt li pibyen.
Siyen pa:JACQUES Mithsadou Presidente Région Grand'anse.
JACQUES Vilson President CRJ Commune Pestel. Saintfort chrisline Presidente CRJ Commune corail.
Francois Nancy presidente CRJ Commune Chambellan. Brunache ChristalènePresidente CRJ,Commune anse-dainault. Nestor isemé president CRJ,Commune Irois.
Sanon Anathanael President CRJ ROZO.
Sylvain Hernise President CRJ Commune Dame-marie.
Lucéus Charline Presidente CRJ Commune moron.
André Linechard Presidente CRJ Commune Beaumont.
Jacques Mithsadou Juste, présidente régionale CRJ/GA
RépondreSupprimer