Mesaj pou jenès peyi m (AYITI)
Li enpòtan pou nou,pou voye yon mesaj pou jenès la.
Nou gen yon jenès ki viktim de yon sosyete.
Yon sosyete kote moun pa respekte moun,yon sosyete kote se imoralite,Dwòg,Ak gwo volim alkòl,k ap domine l.
Nou gen yon Jenès 80% gen difikilte pou bay tèt yo yon bon Direksyon,se pou tèt sa nou menm kòm responsab Jenès,nou pa janm sispann ede jenès la, pou nou wè kouman nou k a konbat tout sa ki anpeche yon jèn pran bon direksyon.
Nou menm responsab Jenès Nou konnen travay la pa fasil,men nou pran responsabilite nou,yon fason pou timoun ki pral gen pou pran nesans nan ane k ap gen pou rantre yo pa kontinye viktim de sosyete saa n ap pale a.
Nou menm jodi a ki kanpe pou fè travay saa,nou fè pati pigwo viktim nan sosyete saa n ap pale a, nou viktim wi nou viktim,sa pèmèt nou pran leson,leson saa yo aprann nou konnen kisa nou dwe fè ak sa nou pa dwe fè.
Nou regrèt tout difikilte nou te rankontre pandan ane 2021 an,depi jodi a nou dwe voye tout pwoblèm saa yo jete,yon fason pou nou antre nan yon ane tou nèf pou pa kontinye rankontre difikilte saa yo.
Nou menm lajenès nou dwe konbat imoralite,lavi chè,vyolans sou(Tifi ak fanm),Gwo volim alkòl,Dwòg ak tout sa ki anpeche sosyete a fonksyene nan pi bon kondisyon.
Nou dwe ankouraje moun ale lekòl(pwofesyonèl ak klasik,nou dwe konnen tou,pa fè filo pa vledi pou w abandone,ou kapab yon pwofesyonèl ki pral sèvi peyi W nan pi meyè kondisyon.
Salitasyon ak remèsiman pou CROIX-ROUGE HAÏTIENNE, legliz,pwofesè,klèb, jenès,sitwayen ki jwe wòl kòm sa dwa nan sosyete a,paran ki jwe wòl yo byen,ak tou lòt gwoup ki met men ansanm ak nou pou ede jenès la.
Gwo remèsi ak tout jèn ak tout lòt manm nan sosyete a ki te ede nou pandan,nan moman,apre 14out:14out se te yon jou ki te difisil kote yon tranblemantè mete dlo nan je nou,kote nou te pèdi fanmi nou,kote moun te lage nan lari,kote anpil moun pa t gen aksè ak manje ak dlo ak kay ak tout lòt sa ki te nesesè.
Mwen pap sispann Remèsi Fanmi m ki te rejwenn mwen. Albert David(mounou)ak Bedlais Bonhomme ak tout lòt moun ki te rejwenn nou pou te pèmèt nou te ede moun ki n an bezwen nan ijans.
Remèsiman espesyal pou:James Saintgermain,Ronald Etienne,Ronald Jeancharles,Emanuel Bernard,Hary Thomas,Edver Lesperance,Réné Louis.moun saa yo sete modèl pou nou, ki pèmèt nou grandi epi ki pèmèt nou vi n sèvi lakay san enterè pèsonèl avan.
Yo se moun ki te toujou pran inisyativ,pou te kreye anbyans,fè rankont ak jèn yo,ede yo nan plizyè sans pozitif.
Nou menm komite lokal CRH Pestel la,jan nou te akonpanye Meri pestel la pou te rive jwenn viktim 14out yo,sou tout 5seksyon pestel yo,se te ak tout plezi nou,devouman nou genyen pou travay,pou te pote èd bay moun ki te nan bezwen.
mèsi ak Manm CROIX-ROUGE JEUNESSE Pestel yo pou sipò yo ba nou.
nou pap sispann remèsi Majistra Marie-helène ki te ba nou opòtinite pou te pèmèt nou egzèse lidèchip nou.
Nou pap fini san nou pa salye Croix-rouge Jeunesse Région grand'anse k ap mennen yon batay pou amelyore kondisyon lavi jenès la.
Nou salye Wo nivo CRH la,salitasyon espesyal pou Robert deux Bélance yon manm CRJ ki te paralize prèske tout aktivite l pou l te ede nou pandan,nan moman,apre 14out.Wilson Jacques kòm chèf erachi nan nivo komite lokal CRH Pestel la.
JACQUES Vilson President Croix-rouge jeunesse Pestel.
Commentaires
Enregistrer un commentaire