James Saint-germain
Pestel se yon komin nan depatman Grandans nan Peyi Dayiti.
Pestel te toujou swaf moun ki kapab pou ede l. Ede yon kominote,gen plizyè fason ou ka ede yon kominote paske èd kapab vini sou plizyè fòm.
Gen moun se biznis yo fè,konsa biznis yo ap desèvi kominote w menm si yo gen enterè pou w fèl.
Mwen vle pale de James Saint-germain k ap ede depatman Grandans avanse,espesyalman Komin Pestel,mwen pa konnen si sa mwen wè yo ak sa m konprann yo tout moun konprann yo.
James se yon moun ki pa janm sispann vann imaj depat Grandans lan,konsa li toujou chaje dekouvri tout kalite talan yon moun ka gen lakay yo.
James Toujou ankouraje tout moun k ap evolye nan tout kalite domèn.
Se yon fason pou m di w bat men ankouraje chen tankou moun yo konn di.
Mwen kapab di w sa san manti,mwen se yon non m ki benefisye de Mèt James,Benefis mwen se pa lajan,se pa manje,sepa byen materyèl.
Souvan mèt James konn ap fè deba ak kèk lòt gro sitwayen onèt, mwen pran san m mwen pran tanm pou m ap tande mèt James ak Jeff Janvier k ap pale epi m ap aprann de yo.
Ebyen moun saa yo,yo se resous pou Peyi a,Lè w ap tande mèt Hary Thomas,Martial Philippe li toujou bon pou m chita nan mitan yo,pou aprann.
Mwen konn ap li yon seri bèl tèks mèt Danilo Maurice ap ekri, sa a yo motive m,mwen konn ap swiv konpòtaman DP RONALD ETIENNE sa pèmèt mwen fè efò pou m vi n saj.
Réné Louis se yon jèn Agronòm ke mwen te toujou konn ap swiv kòm yon nonm ki te toujou gen lidèchip de pi lekòl,mwen kapab di sa, mwen benefisye de li ak yon pakèt lòt sitwayen k ap fè bon bagay non sosyete a k ap kite bon mach pou moun swiv.
Mwen kapab di sa se bagay ki motive m achak fwa mwen wè mèt James lage yon atik,sa koz mwen ekri tout lajounen ak lannwit.
Sa m ap di w mèt James Peyi a bezwen w pa dekouraje nan travay la.
Apre pakou lekòl mwen ak entelijans mwen,gras ak moun saa yo,mwen la m ap sèvi kominote m nan pibon kondisyon yo.
Mesaj m ap kite pou ou menm ki vle pote èd ou bay kominote w,eseye swiv gwoup moun sa a yo,konsa n ap byen kontan wè w k ap sèvi lakay. Mèsi paske w konprann!
JACQUES Vilson.
Commentaires
Enregistrer un commentaire