Mwen kondane dezòd ki fèt nan distribisyon CRH la.




Mwen kondane tout aksyon briganday kifèt nan distribisyon Kwawouj t ap fè nan dat 21Janvye 2022 a.

Distribisyon te fèt nan lide pou te pote soutyen ak moun ki nan bezwen CRH te rive bay yon sak ak yon bwat ki gen materyèl ijyenik,sak la tegen plizyè kalite bagay la dan l tankou prela lenn back up ak lòt bagay ankò.

Mwen kondane fason distribisyon koupon yo fèt ak distribisyon kit yo.
Nou konnen sete 500 koupon ki te genyen pou 500 moun,men men gen seri moun CRH la te fè yo konfyans pou te distribiye koupon ki te pito fè afè pa yo ak koupon yo kote pat gen okenn moun pou te defèt sa.
Distribisyon koupon yo te dewoule yon fason kote yon seri moun se te fanmi yo ak zanmitay yo ki te rasanble nan prèske menm kay yo te bay yo,sa vi n parèt lèd paske yo pat sible moun ki vilnerab yo.

Nou pap bliye soulinye moun nan sant vil Pestel la kit fè pote boure nan kit ki te rezève pou pwofesè yo,nou pote anpil kritik pou moun ki te patisipe nan aksyon briganday saa yo.

Apre tout aksyon briganday saa yo,sa moutre aklè pat gen yon ekip solid ak disiplin ki kontwole distribisyon si laa.

N ap soulinye kote kèk moun ki t ap regle safè politik yo te enpoze yo ki te vi n yon feblès pou komite lokal la,kote yo t ap chwazi zanmitay yo pou te fè plezi poutan gen lòt moun ki te plis nan bewzen.

Pou tout rezon saa yo nou kondane tout aksyon briganday saa yo,konsa nou bay komisyon kite responsab distribisyon saa 0/10.

Jacques Vilson : President Croix-Rouge jeunesse Pestel.


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'