Mwen rate vokasyon m


Mwen se yon nonm ki renmen politik anpil,e mwen fè politik anpil tou. Mwen renmen papa m se paske li banm pote yon siyati ki chè anpil,yon siyati lè w repete l menm moun ki t ap dòmi reveye(JACQUES),mwen renmen Bob c paske li se yon limyè pou peyi a(Ayiti),Mwen renmen Ronald Etienne paske li se idòl mwen.

Rèv mwen sete devni yon Gwo avoka,wòl mwen se t ap la pou m defann tout inosan tankou:moun yo fè abi pouvwa,prizonye politik,Fanm ak tifi yo vyole ki pagen mwayen pou defann tèt yo ak tout lòt sitwayen onèt ki an difikilte.

Mwen se yon nonm lè m te lekòl mwen te toujou renmen kondisip mwen yo,Tankou:Jean-mack Alizé Etienne,Robert deux Bélance,Frantz Joseph,Jean-Gilbert Antoine ak yon pakèt lòt kondisip mwen ankò,moun saa yo mwen sot site yo, se Zanmi m yo ki toujou banm kouraj lèm konn ap plenyen bayo pou vokasyon m mwen rate a. Mwen ka pab di sa mwen vrèman fyè de yo,pou jan mwen wè y ap briye, konsa Robert Deux Belance kòm konseye m ki toujou ap di m tout sa ki pase li pase nèt si w panse ak yo twòp w ap tounen pi dèyè ke kote w ye a,koz yo pase deja,men malgre konseye a di m sa,sa pat anpeche m refechi ak sa.

Vokasyonm mwen rate a se yon reta li ye pou Peyi m pam lan(Ayiti),se yon Gwo defisi pou peyi a,sa koz anpil moun ap soufri,se bagay ki fè m mal anpil pou pil inosan sa a yo.

Ratman vokasyon m soti nan chòk mwen resevwa,an novann 2004 pandan li t ap fè yon gwo lapli,konsa li fè yon kout zèklè epi li fè yon kout loraj,nan moman sa a mwen sot tonbe sou figi mwen figi m fann epi m pèdi konesans selon moun ki te la.

17 out 2017 pandan mwen t ap soti nan yon match nan premye seksyon komin Pestel lokalite Bèna,se te yon chanpyona yon gwoup moun te pran inisyativ pou te òganize,konsa yo te envite CRH ladan l, konsa ansyen kòdonatè a(Vilner Lindor)te konvoke m pou m te al reprezante CRH la nan nivo komite lokal la kòm sekouris.
Sekonsa gen yon moun kite nan goumen ak lòt zanmitay li,konsa li pwofite banm yon kout boutèy, aprè vèsyon plizè moun bay li ta di lite gen pwoblèm ak mwen. Konsa kout boutèy  la kraze figi m,mwen te vi n rive yon moman kote yon bò mwen te paralize,anpil doulè, mwen te menm rive fou,mwen te rive ap bay san andan tèt mwen aprè rezilta scanner mwen te fè,sèvo m te rive atake sitiyasyon yo te konplike anpil pou mwen.

Pou tout rezon sa a yo doktè mwen te mande m pou m te fè 4ane san mwen pa ale lekòl, mwen te dakò san dakò. 
Mwen te eseye al lekòl la kanmèm men te vi n rive yon moman mpat ka rete koz,sete doulè tout lajounen tèt la te konn ap chofe tankou yon vè lanp,konsa n an menm ane sa a mwen te gen pou m al nan egzamen ofisyèl,mwen te rive enskri kanmè m epi m te rive dezyèm loreya pou lekòl la. Aprè tout efò mwen fè anyen pa mache mwen te vi n rive yon moman mwen pat kapab,mwen te oblije kite lekòl,konsa mwen te reziyen m mkite sa ak tout regrè mwen.

Menmsi mwen rate vokasyon m sa pa anpeche m sèvi peyi m,mwen se yon nonm ki angaje m nan devlopman,mwen bay èd mwen jan mwen kapab nan pi bon kondisyon.

Angajman m:Mwen se manm pwoteksyon sivil,vis prezidan asosiyasyon jèn pwofesyonèl AJIPAP,trezorye Òganizasyon REJEDH,Pezidan kwawouj jenès,Prezidan klèb jèn MJP,Direktè Escaliers Entreprises,fotograf,Designer,atis pent ak yon pakèt lòt ankò.

JACQUES Vilson.





Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'