Rèv mwen pou m te rive Presidan Kwawouj Jenès.
Mwen Rantre nan kwawouj nan ane 2012,2 ane aprè tranbleman 12janvye 2010 te kraze lakay,(Ayiti) kote anpil frè nou ak sè nou te pèdi lavi yo.
Nan ane saa(2012)mwen te antre nan Kwawouj sete moman CRH la te bezwen jèn ki solid pou te kolabore pou te pote soutyen bay moun ki te nan bezwen konsa sete moman kolera t ap fè ravaj nan peyi a.
Rèv mwen ki te motive m rantre nan Kwawouj, sete pou m vi n men yon batay pou chanje sistèm rejyon Grandans lan,yon fason pou pèmèt jèn yo ak tout lòt tranch laj yo konprann kisa kwawouj ye.
Nou pale de batay pou moun ki pa twò konprann : se pa pou nou goumen ak pèsonn men nou konnen tout sa ki pa fasil se yon batay pou mennen kont tout sa ki pabon konsa depi w solid tout bon vre w ap pote viktwa.
Souvan nan plizyè komin, komite lokal CRH yo konn pa vle entegre jèn ki entelijan,ki pwofesyonèl,ak lòt jèn ki gen tout kalite talan pozitif,se yon fason pou yo toujou kenbe pou vwa.
Lè nou di kenbe pouvwa se yon fason pou pa janm gen yon bon eleksyon ki fèt tout bon vre,pou yo toujou fè yon seleksyon olye yon eleksyon.
Nou ta renmen tout moun konnen tout moun konnen tout pòs pou yon moun okipe nan komite lokal CRH se nan eleksyon pou w ale.
Mwen lè m te fenk rantre nan Kwawouj yo te toujou konn di m yo gen anpil manb nan komin Pestel, men lè gen aktivite ak nan lis yo mwen pat konn wè yo,pou rezon saa yo mwen rele yo manb fantom.
Nan menm li de pou elaji kad la nan kwawouj nan nivo komite lokal Pestel la,lè m fenk rive nan pòs mwen kòm Prezidan Kwawouj jenès mwen te fè yon kout je agoch yon kout je adwat mwen te wè mwen te sèl grenn jèn ki anndan Kwawouj nan nivo komite lokal Pestel la.
Jan nou te di l la ,objektif nou se vi n mennen yon batay nan avantaj jenès la,ak tout lòt tranch la yo. Nan batay saa ou dwe kòmanse nan fè rekritman e ki pa fasil epi aprè pou w kontinye travay la.
Mwen te rive nan pòs mwen 14 Avril 2021.Depi 14 avril m ap frape san kanpe paske mwen respekte angajman mwen.
Soti avril pou rive Jiyè mwen gentan rekrite 41 jèn,sa vledi gen travay ki fèt epi sa fè konprann gen travay ki pat fèt.
Pou n ale pi lwen gen de pòs yon ekip moun anbarase se jis pou yo ka pote yon tit.
Kèk fwa gen plizyè jès kèk nan kòlèg mwen yo konn fè ak kèk pawòle yo repete konn fè konprann se pa yon moun tankou m yo te bezwen nan mitan yo anndan Kwawouj.
Kounye sa m mande Wonivo Kwawouj la se : fè fòmasyon pou pakèt jèn pwofesyonèl saa yo nou gen ak nou yo ki mete yo disponib pou sèvi peyi yo(Ayiti)
Pou m byen di nou gen travay mwen poko ka realize nan Kwawouj jenès la, se koz mwen manke kowòm nan ekip mwen.
Travay la pa fasil men n ap goumen,konsa nou bezwen kolaborasyon tout klèb jèn yo,ak tout moun ki gen vrè rèv pou ede lakay yo,annou patisipe nan devlopman lakay.
Jacques Vilson : President Croix-Rouge jeunesse Pestel.
Commentaires
Enregistrer un commentaire