Gwo remèsiman!




Mwen te twouve m nan yon sitiyasyon ki te si konplike,li te enpòtan pou m te jwenn sipò koz mwen te santi m nan eta legim koz mwen pat ka bay tèt mwen tout sèvis,gen kèk bagay se lòt moun ki t a pou fè yo pou mwen.

Li enpòtan pou mwen pou m remèsi tout moun kite sipòte m yo: angwo mwen remèsi la Famille Gaga espesyalman Bedlais Bonhomme,Wesler Bonhomme,Lancy Amesfort(SiSi),Bedlaine Bonhomme,Albert David(Mounou)Mislie Maurice(Madam),Danilo Maurice(Tipens),Gilbert Alcegaire(Mèt),Loïc Alcegaire(Lolo),Berly sylvain(Bèbè),JACQUES Mackendy,JACQUES Patricia,Helène Philippe,Cadet Stanley,Bélance Angelo,Belance Robert deux,Mario Laforêt(Ti freo)Louis hall Jean-gilbert Antoine,Raymond Louis,Vicotte Joseph,James Saint-germain,Réné Louis,Marie Helène Lesperance,Charles Hilair,Jeff Janvier,Dp Ronald Etienne,Berlange Bélance,Manmanm Gerda Maurice mpa gen mo pou m remèsi w,CROIX-ROUGE JEUNESSE RÉGION GRAND'ANSE ak yon pakèt lòt ankò.

Moun sa a yo te sèvi m osijèn koz apre Bondye ak swen lopital se yo ki resisite m koz yo pat vle telefòn mwen gen chaj tèlman y ap rele m pou konnen kijan mwen ye.
Mwen kadi sa apre doulè yo moral la te bese anpil jan mwen di n lan strès ak doulè teka voye m ale,mwen te vi n rive yon moman mwen pat k a kenbe ankò.
Moun mwen yo mèsi mèsi anpil se pa sipò ekonomik lan ki pi enpòtan,nan moman difisil sa a sipò ekonomik pat ap ka fè anyen koz lajan paka achte moralite.Malgre Gwo doulè yo anpil blag mwen te konn bay sa te ede m anpil Deudz Livimtong respè pou ou,Frantz Joseph afè pa m,Charles Jacob. 

Sak rive m lan ede m konprann byen rapid ak ki moun mwen dwe viv,sa yon moun k a pa konnen lè w swete m bon retablisman ou banm espwa mwen pap mouri mèsi ekip solid sa a nou pap pèdi sa.

Jodi a mwen kòmanse retabli m m ap fè efò epi pran medikanman m yo epi pou m reprann aktivite m mèsi ankò yon lòt fwa.

JACQUES Vilson.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'