Pwojè Escaliers Entreprises.
1-Escaliers Entreprises se yon antrepriz 5jèn Nan depatman Gradans kreye Nan oktòb 2021 an.Jacques Vilson DG,Robert deux Belance,Staïna Pierre,Marco Bonhomme,Louis-hall Jean-gilbert.
2-antrepriz sa a kreye se nan lide pou popilasyon an jwenn plis sèvis nan pi meyè kondisyon. Escaliers entreprises vini sou mache a se nan lide pou pote pi bon sèvis la pou nou.
3-Escaliers gen yon pwojè pou fè savon likid ak vinèg.Escalier konte bay plizyè sèvis men pou lanse antrepriz la,nou vle kòmanse ak savon likid ak vinèg.
4-Men kijan escaliers konte fonksyone,Escaliers deja gen dis pwen de vant nan dis komin nan depatman grandans lan.
5-Men kijan escaliers pral fonksyone ak pwen devant yo li yo.Pwen devant yo se pa Escaliers k ap asire lokal yo,pwen de vant yo se moun ki deja gen estabilite l nan zòn li epi chak stòk machandiz Escaliers genyen ki soti,Escaliers ap gen pou rann machandiz yo rive nan pwen de vant li yo nan tout sekirite.
6-Fason pou pwen de vant yo rantre lajan pa yo:Escaliers deja gen pri mache a,Escaliers ap gen pou l remèt pwen de vant stòk yo ak yon pri ki piba ke pri mache a.Egzanp yon galon likid vann 20goud sou mache a n ap bay pwen de vant lan a 18goud,konsa pwen de vant yo ap gen pou vann nan pri mache a epi y ap tou rantre lajan pa yo.
8- Pwojè sa a pou nou demare l n ap bezwen kèk materyèl pou nou ak pwodui pou nou achte pou ka fè pwodui.
Bidjè:n ap bezwen 500000goud pou nou demare.
Commentaires
Enregistrer un commentaire