Kisa Vyolans sou fanm ye ?


Vyolans sou fanm se tout zak,tout konpòtman ki fèt sou baz kondisyon sosyete a mete fanm. Zak sa a yo lakòz lanmò fanm nan, fèl soufri nan kò l,nan lespri zak sa a yo ka fèt nan lavi prive ou byen piblik.

Kisa ki lakoòz zak vyolans sou fanm ? 
Pagen okenn rezon pou moun fè vyolans sou fanm men vyolans sou fanm pran rasin li nan fason sosyete a kreye relasyon debalanse ant fanm ak gason.
Sosyete a mete fanm nan yon pozisyon kote se gason ki domine,li li pa wè fanm ak gason kòm de moun ki dwe gen menm chans pou yo jwi dwa yo.

Diferans sosyete a kreye ant fanm ak Gason nan divizyon travay,nan relasyon pouvwa sitire vyolans sou fanm.
Ansanm lide negatif sa a yo kontinye transmèt nan fason yo edike fòme ti fi ak ti gason nan fanmi,lekòl,legliz,rezo sosyal yo.
Transmisyon lide negatif sa a yo dwe chanje pou yon sosyete kote fanm ak gason egal ego.

JACQUES Vilson : President Croix-Rouge jeunesse Pestel.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'