Kolaborasyon komite lokal Croix-Rouge Pestel la ak Meri Pestel la.


Nou menm Croix-Rouge nou se oksilyè leta espesyal ministè sante piblik,sa vledi li toujou bon pou nou pote sipò nou bay leta a pou pèmèt popilasyon jwenn plis sèvis.

Depi apre tranbleman 14 out 2021 an Meri Pestel la te gen yon plan entèvansyon ijans,nan plan entèvansyon ijans sa a nou te gen pati pa nou te responsab,sete yon fason pou nou te pote soutyen bay moun ki te nan bezwen nan pi meyè kondisyon.

Nan tout enstisyon ki gen rapò ak politik,gen moun ki fè travay politik gen yen ki fè travay teknik.Nan plan entèvansyon ijans Meri Pestel la nou te responsab travay teknik,nou pat jan m gen pwoblèm nan kèlkeswa lè a nou te toujou disponib e jiskaprezan.
Majistra Helène te toujou ankouraje nou,li te toujou moutre nou travay nou enpòtan.
Nou menm kòm jèn li te ede nou egzèse lidèchip sou teren an. 
Nou menm Croix-Rouge nou se lavi,lavi se nou se pou ou n ap travay,n ap travay pou pote soutyen ba w,nou mande w kolabore ak nou pou nou bay plis sèvis nan kominote nou.

Depi w se moun piblik moun toujou kritike w nan tout sans,men nou vle enfòme w ke komite lokal Croix-Rouge Pestel la pa fè travay politik pou Meri a,li fè travay teknik.
Nou menm komite lokal Croix-Rouge Pestel la nou prè pou nou travay ak nenpòt enstitisyon ki vle fè sa ki ap nan enterè popilasyon an ki pap deranje estati CRH la.

Nou menm responsab anndan CRH avan e aprè CRH la nou ka toujou fè politik men sepa ak estati CRH la,Paske avan e aprè CRH nou se sitwayen onèt e kredib.

Nou pap janm sispann onore volontè nou yo paske yo pèmèt nou rive sou moun ki te nan bezwen nesesè yo pi rapid ak pi fasil.

Nou menm komite lokal Croix-Rouge la nou prè pou nou kolarabore ak tout otorite yo pou rann gen plis aksè.

Depi plis pase 6mwa noute kontan travay nan 5seksyon kominal nou yo ak tout òganizasyon kite pote soutyen bay popilasyon an sou plizyè fòm.

Nou remèsi w paske w li atik sa a, konsa n ap mande w anou konbat vyolans sou fanm ak tifi.
Nou se CRoix-Rouge Haïtienne ! 

JACQUES Vilson : President Croix-Rouge Jeunesse Pestel.

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Politique Jeunesse

TÒL WOUJ!

Figi pam'