Komite lokal Croix-Rouge Pestel la voye senpati li bay fanmi Philippe ak fanmi Bélance
Nou menm komite lokal Croix-Pestel la,Jounen an te parèt difisil pou nou kote moral nou bese trè ba koz nou pèdi yon papa bon kè,Yon papa ki te trase anpil bon egzanp pou nou te swiv ki koz jodi a nou responsab,nou pèdi yon papa ki te pran Croix-Rouge la yon kote,ki mete l yon lòt kote. Doktè Seneck sete dezyèm kòdonatè komite lokal Croix-Rouge Pestel,li te yon kòdonatè kite toujou enterese nou antre anndan Croix-Rouge la ki koz Jodi a n ap bay sèvis nan kominote nou.
Se ak anpil tristès ke Komite lokal Croix-Rouge Pestel ap voye senpati li bay Fanmi Philippe ak fanmi Bélance
Komite lokal CRH Pestel.
Commentaires
Enregistrer un commentaire