Liberasyon Komin Pestel.
Pestel avan 2006 sete yon kote demokrasi te blayi ladan l,touris te konn vin vizite l,la jistis te egziste ladan l.
Tout moun te gen dwa fè politik,ou te gen dwa pou moun ou vle.
Depi 2006 Pestel te vi n anbarase ak yon bann atoufè,Chèf san chèf,Mèsenè,sa te vi n la koz moun k i t ap viv Pestel yo te vi n bliye sa ki rele endepandans lan.
Gen de politsyen ki te deja sou teren an ki te gen kontwòl teren an, tout rèv yo sete ede kominote yo nan pi meyè sans lan. Men yon bann nèg ki t ap regle tout afè yo deyò Pestel ki pat janm sonje Pestel nan la priyè yo, vini vi n bay Pestel yon pakèt énmi ki vi n koz Pestel vi n paralize nan eta liye a.
Yo bwè objektif tout mou ki te k ab fè yon bagay pou lakay yo,aprè yo vire kont moun sa a yo.
Pestel se lakay nou priye pou li anpil,koz yon seri nèg te fè Pestel tounen yon baz fo militè pou m pa di bandi.
Apre tout priye nou priye pou lakay bondye te rive sonje nou nan lapriyè l. Konsa Pestel te rive jwenn liberasyon l Depi 2017,depi 2017 bagay yo chanje nan Pestel,moun gen dwa fè politik jan w pito san ou pa nwi pèsonn,nou sispann wè sivil ame,moun sispann manke moun dega,bagay yo chanje konplètman.
Wi Pestel libere.
Nou mande ak tout politsyen ki vle ede lakay ak ou men m ki pa politisyen ki vle ede lakay vini n ap tann ou,lakay se pou nou tout vini !
Pestel nou t ap viv nan yon sitiyasyon kite vrèman konplike kote popilasyon t ap viv mal kote san atann sete debakman mèsenè t ap chèche parèy yo. Sitiyasyon yo te konplike tèlman jodi a se ak tout kè kontan nou,nou kapab di nou libere depi 2017.
Jan de moun saa yo ki te met Pestel nan esklavaj saa gen yon fason yo te fèl ki te pèmèt sa te pirèd : kote yo te achte konsyans yon ekip moun, pou m byen di w jis ka prezan moun paka pale verite saa yo Pestel, si se pa mwen Pèsonn paka pale verite saa yo jenn gason kou jenn fanm,tout tranch laj.
Pou nou ale pi lwen esklavaj saa detounen Pestel anpil Jèn yo te rive kite lekòl pwofesyonèl yo pou yo te vi n chèf san chèf,sa vi n pèmèt anpil ladan ap reflechi jodi a yo gen madanm yo gen pitit,yo pagen metye. Jodi a anpil ladan oblije met tèt deyò pou wè kisa yo k a pote bay lakay paske chèf yo ale kite yo ak de ponyèt ap balanse,nan langaj kreyòl la yo konn rele sa (dekoko).
Jodi a demokrasi retounen blayi sou tout komin lan.
JACQUES Vilson.
Commentaires
Enregistrer un commentaire