Mwen pèdi parenn mwen
Depi m te tou piti manman te banm ou kòm parenn mwen,e nou te viv tankou papa ak pitit,ou te toujou gen ti pwoblèm ak mwen lè m te konn ap fè politik la mal,se te youn nan bon bagay ou te fè pou mwen,si se pat sa mwen te ka pala jodi a.
Ou banm yon bon zanmi w kòm yon dezyèm parenn(Raynold Fignolé) Yon parenn, yon papa.
Lopital la mwen te toujou privileje e jis kounye a gras a ou,abitid yo lè w te konn pral jwe foutbòl sete toujou mwen ki pou te pote kranpon w ak dlo pou ou ! Pou sèvis ou bay kominote a pou sa ou fè pou nou nan Croix-Rouge Pestel,
Ou sofri anpil se vre men se pa sèl ou ki t ap soufri a ,jodi a ou fini ak soufrans yo men jodi a ou kite soufrans yo pou nou men humm se pa fòt ou se maladi humm se lavi.
Doulè yo anpil pou mwen jiskounye a mwen pa janm dakò ou ale parenn humm aprè mfin pèdi grann Olga ak matant Resinette ak ou parenn mpa rete kwè kè m ap janm kontan nan lavi m humm Douloureux !
Parenn humm ki kote ou kite moun ou t ap sipòte yo,kiyès ou kite pou bayo sèvis,abitid nou te gentan gen avè w yo ak kiyès n ap janm gen abitid sa a yo ? Parenn ou ale nou pap janm wè w ankò.
Mwen pagen mo pou w di kijan ou te chè pou mwen parenn humm.
Ou ale ou kite yon gwo vid,parenn mwen te espere plis bagay de ou men humm se lavi Repoze anpè papa bon kè.
Jacques Vilson.
Commentaires
Enregistrer un commentaire