Grenn5

Moun toujou di,grenn5 se moun ki gen abitid jwe aza ak kat make ak fè lòt trik pou genyen lajan, nan aza nan move kondisyon. Souvan yo konn di moun kon n gen yon bagay yo rele ti talbè,daprè jan yo eksplike l yo ta di,ou gendwa gen yon lajan nan pòch ou depi moun ki gen ti talbè a frape ak ou lajan tou al jwenn moun saa,yo rele jan de moun saa yo grenn5. Annou ale pilwen,grenn5 lan vin tounen yon pwofesyon,pou m byen di w yo ta di moun ki pratike l la li se yon pwofesyonèl. Pou plis detay,grenn5 lan fèt plizyè fason:ou ka pajanm jwe aza menm yon jou nan la vi pa w men,ou se yon grenn5,banm eksplike w grenn5 lan se pa yon moun yo ka dekouvri fasil. Awi ou se yon grenn5 lè w:achte machandiz moun oupa peye pandan ke lajan nan pòch ou, lè w bay moun manti pou w pran byen materyèl li nan men l,yo kon n rele sa met may,lè w fè yon fi panse ou pose mezi peyi a poutan ou pa menm sou anyen,lè w ap fè trèt ak moun ki pèmèt ou reyisi,lè w ap fonsyone ak lòt gason sou mari w, lè w vyole konfyans m...