Articles

Affichage des articles du mars, 2022

Mwen pèdi parenn mwen

Image
Depi m te tou piti manman te banm ou kòm parenn mwen,e nou te viv tankou papa ak pitit,ou te toujou gen ti pwoblèm ak mwen lè m te konn ap fè politik la mal,se te youn nan bon bagay ou te fè pou mwen,si se pat sa mwen te ka pala jodi a.  Ou banm yon bon zanmi w kòm yon dezyèm parenn(Raynold Fignolé) Yon parenn, yon papa. Lopital la mwen te toujou privileje e jis kounye a gras a ou,abitid yo lè w te konn pral jwe foutbòl sete toujou mwen ki pou te pote kranpon w ak dlo pou ou ! Pou sèvis ou bay kominote a pou sa ou fè pou nou nan Croix-Rouge Pestel, Ou sofri anpil se vre men se pa sèl ou ki t ap soufri a ,jodi a ou fini ak soufrans yo men jodi a ou kite soufrans yo pou nou men humm se pa fòt ou se maladi humm se lavi. Doulè yo anpil pou mwen jiskounye a mwen pa janm dakò ou ale parenn humm aprè mfin pèdi grann Olga ak matant Resinette ak ou parenn mpa rete kwè kè m ap janm kontan nan lavi m humm Douloureux !  Parenn humm ki kote ou kite moun ou t ap sipòte yo,kiyès ou kite pou bayo sèvi...

Komite lokal Croix-Rouge Pestel la voye senpati li bay fanmi Philippe ak fanmi Bélance

Image
Nou menm komite lokal Croix-Pestel la,Jounen an te parèt difisil pou nou kote moral nou bese trè ba koz nou pèdi yon papa bon kè,Yon papa ki te trase anpil bon egzanp pou nou te swiv ki koz jodi a nou responsab,nou pèdi yon papa ki te pran Croix-Rouge la yon kote,ki mete l  yon lòt kote. Doktè Seneck sete dezyèm kòdonatè komite lokal Croix-Rouge Pestel,li te yon kòdonatè kite toujou enterese nou antre anndan Croix-Rouge la ki koz Jodi a n ap bay sèvis nan kominote nou. Se ak anpil tristès ke Komite lokal Croix-Rouge Pestel ap voye senpati li bay Fanmi Philippe ak fanmi Bélance   Komite lokal CRH Pestel.

Kolaborasyon komite lokal Croix-Rouge Pestel la ak Meri Pestel la.

Image
Nou menm Croix-Rouge nou se oksilyè leta espesyal ministè sante piblik,sa vledi li toujou bon pou nou pote sipò nou bay leta a pou pèmèt popilasyon jwenn plis sèvis. Depi apre tranbleman 14 out 2021 an Meri Pestel la te gen yon plan entèvansyon ijans,nan plan entèvansyon ijans sa a nou te gen pati pa nou te responsab,sete yon fason pou nou te pote soutyen bay moun ki te nan bezwen nan pi meyè kondisyon. Nan tout enstisyon ki gen rapò ak politik,gen moun ki fè travay politik gen yen ki fè travay teknik.Nan plan entèvansyon ijans Meri Pestel la nou te responsab travay teknik,nou pat jan m gen pwoblèm nan kèlkeswa lè a nou te toujou disponib e jiskaprezan. Majistra Helène te toujou ankouraje nou,li te toujou moutre nou travay nou enpòtan. Nou menm kòm jèn li te ede nou egzèse lidèchip sou teren an.  Nou menm Croix-Rouge nou se lavi,lavi se nou se pou ou n ap travay,n ap travay pou pote soutyen ba w,nou mande w kolabore ak nou pou nou bay plis sèvis nan kominote nou. Depi w se moun piblik ...

Politique Jeunesse

Image
Nous, les jeunes du Mouvement de la Croix - Rouge et du Croissant- Rouge , nous nous engageons à : 1. participer à la préparation aux catastrophes, à l'intervention en cas de catastrophe et au relèvement, notamment à des solutions novatrices telles que le soutien psychosocial. Les jeunes sont des moteurs essentiels de l'action humanitaire et du développement. En s'engageant de manière significative en tant que leaders, volontaires et membres des communautés affectées d'aujourd'hui et de demain, ils favorisent la résilience des communautés. L'objectif de cette politique est d'établir la norme en matière de travail avec et pour les jeunes au sein de la Fédération internationale des Sociétés nationales de la Croix-Rouge et du Croissant-Rouge (FICR). Elle sert de point de référence mondial pour assurer la cohérence des prises de décision et s'appuie sur la Politique et la Stratégie pour la jeunesse. JACQUES Vilson : President CRJ Pestel.

Kisa Vyolans sou fanm ye ?

Image
Vyolans sou fanm se tout zak,tout konpòtman ki fèt sou baz kondisyon sosyete a mete fanm. Zak sa a yo lakòz lanmò fanm nan, fèl soufri nan kò l,nan lespri zak sa a yo ka fèt nan lavi prive ou byen piblik. Kisa ki lakoòz zak vyolans sou fanm ?  Pagen okenn rezon pou moun fè vyolans sou fanm men vyolans sou fanm pran rasin li nan fason sosyete a kreye relasyon debalanse ant fanm ak gason. Sosyete a mete fanm nan yon pozisyon kote se gason ki domine,li li pa wè fanm ak gason kòm de moun ki dwe gen menm chans pou yo jwi dwa yo. Diferans sosyete a kreye ant fanm ak Gason nan divizyon travay,nan relasyon pouvwa sitire vyolans sou fanm. Ansanm lide negatif sa a yo kontinye transmèt nan fason yo edike fòme ti fi ak ti gason nan fanmi,lekòl,legliz,rezo sosyal yo. Transmisyon lide negatif sa a yo dwe chanje pou yon sosyete kote fanm ak gason egal ego. JACQUES Vilson : President Croix-Rouge jeunesse Pestel.

ma conscience n'est pas à vendre

Image
La vérité est toujours bonne à dire, pour dire la vérité votre conscience ne doit pas être à vendre ! Pestel est ma ville natale, mais c'est une région avec une histoire longue et compliquée. L'histoire de Pestel doit se cacher, à cause de la position politique de certains,la politique à Pestel nous fait saigner, elle nous fait éliminer notre histoire, elle nous fait ne dire aucune vérité. dans plusieurs textes  que j'écris, parler un peu de l'histoire de Pestel. il y a beaucoup de gens qui parlent constamment des réseaux sociaux, parlent d'histoires pestel, où ils mentent beaucoup parfois je comprends pourquoi ils ne peuvent pas dire la vérité, certains d'entre eux, qui sont les descendants de ceux qui ont fait le plus de mal à Pestel, certains d'entre eux qui ont mis en danger la vie de leurs familles et de tous. c'est toujours bien de se protéger des mauvais moments qui peuvent vous éliminer mais ce n'est pas bien quand on vend de la Politique de ...

Liberasyon Komin Pestel.

Image
Pestel avan 2006 sete yon kote demokrasi te blayi ladan l,touris te konn vin vizite l,la jistis te egziste ladan l. Tout moun te gen dwa fè politik,ou te gen dwa pou moun ou vle. Depi 2006 Pestel te vi n anbarase ak yon bann atoufè,Chèf san chèf,Mèsenè,sa te vi n la koz moun k i t ap viv Pestel yo te vi n bliye sa ki rele endepandans lan. Gen de politsyen ki te deja sou teren an ki te gen kontwòl teren an, tout rèv yo sete ede kominote yo nan pi meyè sans lan. Men yon bann nèg ki t ap regle tout afè yo deyò Pestel ki pat janm sonje Pestel nan la priyè yo, vini vi n bay Pestel  yon pakèt énmi ki vi n koz Pestel vi n paralize nan eta liye a. Yo bwè objektif tout mou ki te k ab fè yon bagay pou lakay yo,aprè yo vire kont moun sa a yo. Pestel se lakay nou priye pou li anpil,koz yon seri nèg te fè Pestel tounen yon baz fo militè pou m pa di bandi. Apre tout priye nou priye pou lakay bondye te rive sonje nou nan lapriyè l. Konsa Pestel te rive jwenn liberasyon l Depi 2017,depi 2017 bagay yo ...